25/07/2025
Nan fon sa a, kote solèy leve sou espwa ak gout swe ,
santral, ou trayi misyon ou ak ti desizyon ki pi mesken pase mizè.
Ou pa gide pèp la, ou pa leve nasyon an —
Ou danse sou malè li, ou jwe teat sou latè li!
Ou krache sou agrikilti, sous lavi ak nou,
Pandan w ap distribye pikwa tankou trofe,
Flè tankou makiyaj sou figi granmoun ,
Kòm si sa ta !
Men se pa flè nou bezwen, se vizyon,
Se pa pikwa pou foto, se plan djanm pou rekòlte lavi!
Ayiti pa yon sèn pou aktè san konsyans,
Li se tè zansèt nou,
Li se kè nasyon an kap bat ak ritm flèch la,
Ou pa ka mennen li sou chemen rizib ak manipilasyon politik,
Lè pèp la grangou, ou pa ka mete kamera sou pikwa,
Ou mete santiman pèp sou pil fatra !
Nou pa mande pitye,
Nou mande respè pou tè nou,
Nou mande Leta ki kwè nan swa peyi a,
Ki pa sèvi ak mizè peyizan tankou bèl pwezi pou kanpay.
Nou se pitit , pa pitit mizè,
Nou se ras moun, pa rès moun!
Se pou ou konnen sa, Leta santral:
Pèp la gen je, li wè,
Li gen vwa, li pale,
Epi li gen , li .