13/10/2026
🇭🇹 JENI SIVIL ANN AYITI : POUKISA DEVI MAJORITE ENJENYÈ YO PA TOUJOU RESPEKTE ?
Nan jou ki sot pase yo, yon deklarasyon yon jounalis te fè te soulve anpil deba sou rezo sosyal yo. Li te avanse lide sa a : « 9 enjenyè sou 10 ann Ayiti paka bay yon devi ki respekte. »
Deklarasyon sa a merite pou nou pran tan pou nou reflechi sou li. Èske se enjenyè yo ki pa konn fè bon kalkil ? Èske se kliyan yo ki pa toujou respekte kondisyon pwojè a ? Oswa èske gen lòt faktè ki antre an jwèt pandan egzekisyon travay yo ?
Pou nou pi byen konprann pwoblèm nan, annou kòmanse ak kèk nosyon fondamantal.
Kisa yon devi ye ?
Nan domèn konstriksyon, yon devi se yon dokiman ki prezante yon estimasyon depans ki nesesè pou reyalize yon pwojè, selon plan yo, espesifikasyon teknik yo, kantite travay yo ak kondisyon egzekisyon yo.
Se yon zouti esansyèl ki pèmèt kliyan an planifye bidjè li, konpare depans yo ak mwayen finansye li epi prepare pou egzekisyon pwojè a.
An jeneral, nou ka fè diferans ant de kalite devi :
1- Devi estimatif
Se yon dokiman ki bay yon evalyasyon apwoksimatif sou pri yon pwojè, san li pa nesesèman antre nan tout detay teknik ak kantite egzak chak travay.
Li sèvi sitou nan premye faz planifikasyon an, lè kliyan an bezwen gen yon lide sou kantite lajan li ka bezwen pou reyalize pwojè a.
2- Devi kantitatif ak estimatif (DQE)
Se yon dokiman teknik ki prezante diferan travay ki dwe fèt, kantite chak travay, pri inite yo ak montan ki koresponn ak yo.
Li prepare sou baz plan achitekti yo, plan estriktirèl yo, espesifikasyon teknik yo ak lòt enfòmasyon ki disponib sou pwojè a.
Plis etid pwojè a detaye, se plis li posib pou fè yon estimasyon ki pwòch reyalite a. Sepandan, menm yon devis ki byen prepare pa vle di pri final la pap janm chanje.
Men poukisa ? Annou gade sou ki eleman yon devi konstriksyon baze.
Ki eleman ki konpoze yon devi ?
Pou nou byen konprann fason yon enjenyè prepare yon devi, nou dwe konnen pri yon pwojè pa limite ak pri siman, sab, gravye ak fè.
Gen plizyè lòt eleman ki antre nan kalkil la.
A. Mobilizasyon, enstalasyon ak amenajman chantye
Mobilizasyon se ansanm mwayen imen, materyèl ak lojistik yo mete an plas pou pèmèt travay yo kòmanse nan bon kondisyon.
Li kapab gen ladan l :
• Netwayaj ak preparasyon espas la ;
• Enstalasyon barak chantye pou pèsonèl la oswa pou estoke materyèl yo ;
• Apwovizyonman ak estokaj dlo ;
• Enstalasyon tanporè pou elektrisite, lè sa nesesè ;
• Amenajman aks pou antre ak soti sou chantye a ;
• Enstalasyon twalèt ak lòt ekipman sanitè ki nesesè ;
• Rekritman ak mobilizasyon pèsonèl tankou teknisyen, bòs mason ak manèv ;
• Transpò ak deplasman ekipman, zouti ak materyèl yo ;
• Dispozisyon sekirite ak pwoteksyon pou travayè yo.
Tout depans sa yo kapab gen yon enpak sou bidjè jeneral pwojè a.
B. Acha ak lokasyon materyèl ak ekipman
Sa gen ladan l acha materyo tankou siman, sab, gravye, asye, blòk ak lòt materyèl konstriksyon.
Nou dwe konsidere tou lokasyon ekipman tankou echafodaj, betonyè, machin fouy ak lòt zouti ki nesesè pou egzekite travay yo.
C. Mendèv
Mendèv la reprezante depans ki gen rapò ak travay moun ki patisipe nan konstriksyon an.
Sa kapab gen ladan l salè bòs mason, fèwonye, chapantye, elektrisyen, plonbye, teknisyen ak lòt travayè yo.
Pri mendèv la ka varye selon konpleksite travay la, kalifikasyon pèsonèl la, dire pwojè a ak kondisyon travay yo.
D. Manitansyon : chajman, dechajman ak transpò materyèl
Materyèl yo pa toujou rive dirèkteman kote y ap itilize yo. Pafwa, nou bezwen peye pou chajman, dechajman, transpò anndan chantye a ak deplasman materyèl yo soti nan yon pwen pou ale nan yon lòt.
Se depans sa yo tou ki dwe pran an konsiderasyon.
E. Lòt depans ki nesesè
Selon nati pwojè a, devi a ka gen ladan l depans pou etid teknik, kontwòl kalite, tès materyèl, jesyon chantye, antretyen ekipman ak lòt sèvis ki nesesè pou asire bon egzekisyon travay yo.
Se poutèt sa, lè yon enjenyè prepare yon devi, li pa sèlman ap kalkile kantite materyèl pou konstwi yon kay. Li dwe evalye tout resous ki nesesè pou mennen pwojè a soti nan kòmansman rive nan fen.
Men sèt (7) faktè ki ka fè yon devi pa rèspèkte :
Malgre yon devi prepare avèk anpil atansyon, gen sitiyasyon ki ka lakòz depans reyèl yo depase estimasyon inisyal la.
Annou analize 7 faktè ki ka kontribye nan pwoblèm sa a.
1- Modifikasyon nan pwojè a
Imajine yon enjenyè prepare yon devis sou baz yon plan ki prevwa twa chanm, yon salon ak yon kwizin.
Pandan travay yo ap fèt, kliyan an deside ajoute yon lòt chanm, agrandi salon an oswa chanje kalite materyèl ki te prevwa yo.
Èske nou ka espere devi inisyal la rete menm jan an ?
Natirèlman, modifikasyon sa yo ka mande plis materyèl, plis mendèv ak plis tan. Konsa, yo kapab ogmante pri final pwojè a.
Se youn nan rezon ki fè li enpòtan pou dokimante chanjman yo epi evalye konsekans finansye yo anvan yo egzekite yo.
2- Reta nan kòmansman oswa nan egzekisyon travay yo
Ann pran egzanp yon devi yon enjenyè prepare nan mwa janvye. Kliyan an pa kòmanse travay yo touswit, epi li tann twa oswa kat mwa anvan li lanse pwojè a.
Pandan peryòd sa a, pri siman, fè, gaz ak lòt materyèl kapab ogmante.
Menm pwoblèm nan ka rive lè travay yo kòmanse alè, men mank finansman, reta nan livrezon materyèl oswa lòt difikilte fè chantye a kanpe pandan plizyè semèn oswa plizyè mwa.
Nan sitiyasyon sa yo, pri ki te prevwa okòmansman an ka pa koresponn ak nouvo reyalite a.
Se poutèt sa, li enpòtan pou defini validite devi a, kondisyon pri yo ak dispozisyon ki aplikab si gen reta.
3- Kòz natirèl ak evènman klimatik
Ayiti se yon peyi ki ekspoze ak plizyè risk natirèl, tankou siklòn, gwo lapli, inondasyon ak tranblemanntè.
Sou yon chantye, gwo lapli ka ralanti travay fouy yo, anpeche betonaj fèt nan bon kondisyon oswa lakòz dlo antre nan fouy fondasyon yo.
Yon inondasyon ka domaje materyèl ki estoke yo, pandan yon siklòn ka lakòz domaj sou enstalasyon tanporè yo.
Sitiyasyon sa yo kapab pwovoke reta ak depans siplemantè ki pa t prevwa nan devi inisyal la.
Se poutèt sa, etid kondisyon sit la, planifikasyon travay yo ak mezi prevansyon risk yo enpòtan anpil.
4- Ogmantasyon pri gaz la
Gaz se yon pwodui ki gen yon gwo enpak sou sektè konstriksyon an, sitou akoz wòl li jwe nan transpò ak fonksyònman ekipman yo.
Lè pri gaz la ogmante, sa ka fè transpò siman, sab, gravye, fè ak lòt materyèl vin pi chè.
Menm jan an tou, depans pou fè fonksyone kèk machin ak ekipman kapab ogmante.
Kidonk, menm lè kantite materyèl ki nesesè yo pa chanje, pri total pwojè a ka ogmante akoz varyasyon pri transpò ak lòt depans ki asosye ak gaz la.
5- Mank sekirite sou chantye a
Sekirite se yon eleman fondamantal nan jesyon yon chantye.
Vòl materyèl, domaj sou ekipman, aksidan travay ak lòt ensidan kapab lakoz pèt finansye.
Pa egzanp, si yo vòlè yon kantite fè ki te deja achte pou yon pwojè, responsab la ka oblije achte materyèl sa yo ankò.
Menm jan an tou, yon aksidan ka lakòz entèripsyon travay, depans medikal oswa lòt depans ki gen konsekans sou bidjè a.
Pou evite tout sa, prevansyon risk, kontwòl aksè ak bon jan mezi sekirite dwe fè pati òganizasyon chantye a.
6- Enstabilite mache a ak varyasyon to chanj lan
Nan peyi tankou Ayiti, kote anpil materyèl konstriksyon depann de enpòtasyon dirèk oswa endirèk, varyasyon to chanj goud la ak dola ameriken an kapab gen gwo konsekans sou pri yo.
Lè goud la pèdi valè parapò ak dola a, materyèl enpòte yo ka vin pi chè.
Se youn nan rezon ki fè, nan kèk pwojè ki dire lontan, yo ka itilize dola ameriken kòm referans pou kèk estimasyon finansye.
Sepandan, li enpòtan pou nou konprann yon pwen : fè kalkil yon devi an dola pa garanti pri a ap rete estab. Pri materyèl yo, depans transpò yo ak lòt kondisyon mache a ka toujou chanje.
7- Non-respè dispozisyon konstriktif ak dozaj ki te prevwa yo
Men yon lòt pwen ki merite anpil atansyon, paske li gen rapò dirèk ak kalite travay la.
Lè yo prepare yon devi, kantite materyèl yo kalkile sou baz sèten ipotèz teknik, plan, dimansyon, espesifikasyon ak metòd egzekisyon.
Si, pandan konstriksyon an, travayè yo pa respekte dispozisyon konstriktif yo oswa dòzaj ki te preskri yo, sa ka lakòz yon move itilizasyon materyèl.
Menm jan an tou, gaspiyaj materyèl, move mezi ak erè nan ekzekisyon kapab lakòz plis depans pase sa ki te prevwa.
Atansyon : yon ogmantasyon nan kantite materyèl pa toujou vle di enjenyè a te fè yon move devi. Nou dwe verifye si se yon chanjman nan pwojè a, yon erè nan kalkil, gaspiyaj oswa yon pwoblèm nan fason travay yo te egzekite.
Se pou sa, kontwòl kalite, sipèvizyon teknik ak respè plan yo esansyèl.
Alò, eske yon enjenyè ka kontrole tout paramèt sa yo ?
Se la nou rive nan yonn nan pi gwo kesyon ki merite refleksyon nan deba sa a.
Yon enjenyè kapab prepare yon devi avèk metòd, presizyon ak anpil rigè. Li kapab pran an konsiderasyon pri materyèl yo, kantite mendèv la, depans lojistik yo ak kondisyon teknik pwojè a.
Men, èske li kapab kontwole tout sa ki pral rive pandan plizyè mwa egzekisyon ?
Li pa kapab kontwole tout varyasyon pri sou mache a, tout evènman natirèl, tout reta nan finansman oswa tout desizyon kliyan an ka pran pandan travay yo.
Sa pa vle di enjenyè a pa gen okenn responsablite. Okontrè, li dwe fè kalkil serye, eksplike limit estimasyon li yo, prevwa risk ki rezonab epi mete bon jan mekanis kontwòl sou pye.
Yon devi serye pa sèlman mande bon kalkil ; li mande tou bon planifikasyon, bon kominikasyon ak bon jesyon pwojè.
Men, kiyès ki rèskonsab lè devi a pa rèspèkte ?
Pou nou reponn kesyon sa a, nou dwe evite mete tout responsablite a sou yon sèl moun san nou pa analize sikonstans yo.
Si enjenyè a fè erè nan kalkil, neglije eleman enpòtan oswa prepare yon devi san ase done teknik, li dwe pran responsablite pwofesyonèl li.
Si kliyan an chanje plan an, pa bay finansman alè oswa pran desizyon ki gen konsekans sou depans yo, sa kapab afekte bidjè a tou.
Si antrepriz la mal jere materyèl yo, gaspye resous oswa pa respekte metòd egzekisyon yo, sa ka lakòz depans siplemantè.
Finalman, si pri materyèl yo ogmante akoz kondisyon ekonomik oswa lòt evènman ki pa t previzib, nou dwe analize enpak yo sou kontra a ak sou devi a.
Kidonk, nou pa dwe konfonn yon devis ki pa t byen prepare ak yon devis ki chanje akoz nouvo kondisyon pandan egzekisyon an. Se de sitiyasyon diferan ki mande de analiz diferan.
Poukisa kliyan yo konn di devi enjenyè yo twò wo ?
Annou konsidere reyalite yon enjenyè k ap eseye jwenn kèk pwojè konstriksyon.
Li pran tan pou etidye pwojè a, evalye kantite materyèl yo, kalkile depans mendèv la epi prepare yon devi ki kapab pèmèt travay yo fèt nan bon kondisyon.
Lè li prezante dokiman an bay kliyan an, kliyan an reponn : « Devi a twò chè ! »
Nan moman sa a, enjenyè a jwenn tèt li devan yon dilèm.
Èske li dwe diminye pri a pou l jwenn pwojè a, menm si sa ka konpwomèt kalite travay la ? Oswa èske li dwe kenbe yon estimasyon ki pi pre reyalite teknik la, menm si kliyan an deside al chèche yon lòt moun ki pwopoze yon pri ki pi ba ?
Se youn nan defi anpil pwofesyonèl ka rankontre.
Nou dwe rekonèt tou gen kliyan ki pa gen ase enfòmasyon sou sa yon konstriksyon mande. Yo ka konsidere devi a kòm yon senp lis materyèl, san yo pa pran an konsiderasyon etid teknik, mendèv kalifye, ekipman, sekirite, kontwòl kalite ak lòt depans ki nesesè.
Se poutèt sa, edikasyon kliyan an enpòtan anpil. Enjenyè a pa dwe sèlman prezante yon pri ; li dwe kapab eksplike sa pri sa a kouvri, poukisa depans yo nesesè ak ki konsekans yon rediksyon bidjè ka genyen sou pwojè a.
Natirèlman, sa pa vle di tout devi yon enjenyè prezante nesesèman kòrèk oswa tout pri ki wo yo jistifye. Kliyan an gen dwa mande esplikasyon, konpare òf ki baze sou menm kondisyon teknik yo epi verifye si depans yo rezonab.
Objektif la se rive jwenn yon bon ekilib ant kapasite finansye kliyan an, kalite konstriksyon an, sekirite ak egzijans teknik yo.
E nan ka gwo pwojè yo ?
Analiz sa a konsène sitou sitiyasyon yon enjenyè oswa yon ti ekip k ap jere yon pwojè konstriksyon pou yon kliyan.
Men, lè nou antre nan kad gwo pwojè yo, kote antrepriz konstriksyon, biwo etid, achitèk, enjenyè, espesyalis nan acha ak lòt aktè entèvni, dinamik la kapab diferan.
Gwo pwojè yo ka benefisye de plis resous teknik, ekip espesyalize, kontra ki pi detaye, planifikasyon finansye ak mekanis kontwòl depans.
Sepandan, sa pa elimine risk yo. Gwo pwojè yo kapab fè fas ak modifikasyon konsepsyon, reta, ogmantasyon pri materyèl, difikilte lojistik ak lòt enprevi.
Se poutèt sa, nan tout nivo, yon bon jesyon pwojè dwe chita sou planifikasyon serye, kontwòl depans, bon kominikasyon ant aktè yo ak yon mekanis klè pou jere chanjman.
Respekte yon devi pa depann sèlman de kapasite enjenyè a pou fè kalkil. Sa depann tou de bon jan preparasyon pwojè a, estabilite pri yo, disponiblite finansman, respè plan yo, kalite jesyon chantye a ak fason tout aktè yo kolabore.
Nou pa dwe sèvi ak deklarasyon jeneral pou kondane yon pwofesyon san nou pa analize reyalite ki dèyè chak sitiyasyon. Menm jan an tou, nou pa dwe sèvi ak enprevizib yo kòm yon eskiz pou jistifye move kalkil oswa mank pwofesyonalis.
Yon enjenyè serye dwe prepare yon devi ki byen etidye, eksplike kliyan an limit li yo epi kontwole depans yo pandan egzekisyon an. Kliyan an, bò kote pa li, dwe konprann enpòtans etid teknik la, respekte kondisyon ki te dakò yo epi kominike nenpòt chanjman alè.
Finalman, objektif la pa ta dwe sèlman respekte yon pri sou papye, men reyalize yon konstriksyon ki an sekirite, ki gen bon kalite epi ki koresponn ak mwayen finansye ak egzijans pwojè a.
Kounye a, annou reflechi ansanm !
Dapre ou menm, lè yon devi konstriksyon pa respekte, ki moun ki pi souvan responsab : enjenyè a, kliyan an, antrepriz la oswa kondisyon ekonomik yo ?
Pataje opinyon w nan kòmantè yo. Annou kontinye aprann epi fè pwomosyon pou yon kilti konstriksyon ki pi responsab ann Ayiti.
Par Ing. Wadner Samson
Inspirer et bâtir