27/09/2022
Destinasyon Kafou📍
------------
Ou santi w nwi lakay ou padan peryod lòk sa pa vre?
Ou rete kafou ak kek vil ki alantou l?
Men 4 ti kote ou kapab vinn pase on bon moman
1- Shekina Hotel (yon jwayo)
Yon espas de detant pou pase ti moman ak pwoch ou.
: pisin, resto elt...
Mete sousa yo bay sevis de kalite!
2- Au Coin d'Or Restaurant
Dapre sa yo di "pi bel resto nan kafou"
Espas ideyal pou dives okazyon, avek yon dekò ki vreman atreyan.
Coin d'Or se younn nan meye destinasyon nan kfou
-Bel espas
- bon sevis
- belle vue
Espas pou rankont an fanmi, zanmi oubyen pou fe aktivite !
BONIS: gen Coin d'Or Ciné chak samdi.
3- Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne (Sant Kiltirel la)
Younn nan pi bel espas rezotaj komin nan
Ladanl ou gen aksè ak
- Bibliyotèk
- Travay sou proje w (wap jwenn enèji)
- Rakontre zanmi
- patisipe nan aktivite
- Vinn amize w (lido, ping-pong...)
(Ii ouvè chak jou, malgre moman an donk si w santiw sel lakay ou fon kout pye!)
4- Camp Lamentin 54
Depi apre depa "neg lame yo" espas fe pati de younn nan andwa jèn plis vizite nan kafou.
Malgré kek neglijans bo kote mouche leta, li rete younn nan espas de refij pou anpil jèn.
Kote ou gen posibilite pou :
-etidye (gen bon lonbraj)
- kondi moto
- kondi machin
- fe spò le matin (li repite pou sa)
- jwe boul/baskèt
- kontanple lanati etc...
Espas pou fe ti rankont tou...
Mespere ti enfomasyon sa ap itil ou!
Kredi foto:
Foto 1 : sou paj Shekina a
Foto 2: paj Coin d'OrRestaurant
Foto 3: paj CCMEC
Foto 4: Isma Fotografi
Abonnés vous à la page KKAFOU RedstateRKAFOU Redstate