Cornillonais revolté

Cornillonais revolté Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Cornillonais revolté, Cornillon.

Sou paj sa nou pale d pwoblem moun kòniyon ap konfronte, nou bay enfo konsènan kòniyon, depi enfo a tonb vin branche'l la, puis nou piblisite pou tout sa kap fèt kòniyon

Mezanmi Bonswa Bonjou, epa fòt mwen non mw pap ka mande nou kòman nou ye paske deja mw konnen bagay yo pa piti dèyè a po...
10/11/2022

Mezanmi Bonswa Bonjou, epa fòt mwen non mw pap ka mande nou kòman nou ye paske deja mw konnen bagay yo pa piti dèyè a pou moun ki ap rantre e ki ap soti nan komin tomazo ak kòmiyon! kote ke bandi ap fè lalwa!!!
Men avan mw kòmanse mw swete kouraj ak tout moun ki viktim de zak sa yo anba morne kabrit (( nan wout tè ki ap mennen tomazo a)).
Sa fè kèk jou ke nèg yo te pran yon zoreken ak tout moun ki ladan rantre anba plenn nan san konte plizyè kamyonèt moto kap travèse nan wout. Nou se yon pèp ki livre a nou menm n'ap soufri anpil. Preske chak jou se yon move nouvèl nou ap pran de kote ki vin tounen var tèlman pèp kòniyon ap moute lesyèl pa do la.
Yon ti kesyon tou piti:

Msye otorite yo kòman nou santi nou lè'n wè pèp sa ki te ba nou pouvwa pou konsa yo ap maltretel, kraze efò yo fè pou yo jwenn yon bagay pou yo viv, kmnw t'ap santi si se te ou ki te nan plas pèp la??
E oumnm msye Bandi kmnw tap santi w si se te fanmiw k'ap chache yon mwayen pou viv yo t'ap plede maltrete knsa, fouye yo pran sak su yo?
Oumenm ki ap finase baz gang yo kòmanw santi w pou akoz ou menm plizyè milye moun ap soufri?? Mesye Pitye pèp la anvi viv ui...

Ou nan peyi w ou paka fonksyone , dim byen eske se touye n'ap touye pèp la? Dim pou'm konnen tanpri souple.... nou mande sekirite mezanmi otan otan otan nou pa frenk kapab ankò!!! Nou mande yon gwo entèvansyon sou wout pou w al tomazo ak nan bouk la, Allo PNH nou pa kapab menme menm ankò...

21/08/2022

Dezole ui moun k'ap suiv paj la nu te f yn erè, olye d sa se byen mal li byen mal...

Aksidan sou wout kòniyon granbwa nan zòn kayeli gen anviwon 3,4 moun ki blese, gras Bondye pa gen lanmò daprè yon ti kon...
11/07/2022

Aksidan sou wout kòniyon granbwa nan zòn kayeli gen anviwon 3,4 moun ki blese, gras Bondye pa gen lanmò daprè yon ti konvèsasyon ak chofè e kèk konsta koz aksidan se yon tiyo fren ki te arive kase, pou evite pi grav li tou frape machine nan nan mi an!!!

#

06/07/2022

Mezanmi sos pou koniyon granbwa ensekirite a ap vale teren ui plizyè kamyon atake pa bandi twoukayman.... Lapolis fè entèvansyon paw la!!!! Nou rele anmweyyyyyy

Bonjou Bonswa kòniyon granbwa kòman nou ye? Se toujou yon gwo kè kontan pou'm enfòme nou , m'ap fè nou konnen ke jodia f...
28/05/2022

Bonjou Bonswa kòniyon granbwa kòman nou ye? Se toujou yon gwo kè kontan pou'm enfòme nou , m'ap fè nou konnen ke jodia fè prèske yon semèn depi ke nou pa gen rezo Digicel nan komin nan, men se yon problèm sitirans problèm ki ala fwa bò kote popilasyon an tou, nou aprann e nou konfime ke moun ki konn ap vini a gaz la pou mete nan jeneratris konpayi a pran plezi nan vann gaz la ak kek moun nan komin nan, nou rele chalbare dèyè moun sa, si pa gen sitirè paka gen vòlè!!! Aba koripsyon....

Moun granbwa kòman nou ye? Jodia mw gen yon ti mesaj pou Minis spò an ak kèk ti kesyon tou, si nou konn repons lan na re...
22/05/2022

Moun granbwa kòman nou ye? Jodia mw gen yon ti mesaj pou Minis spò an ak kèk ti kesyon tou, si nou konn repons lan na reponn pou li, se te anpil kè kontan lè sa te anonse ofisyèlman ke w se minis spò e sa te fè fyète nou anpil men jou ale jou vini sanble ke ou bliye zafè spò a nan kòniyon, konbyen jèn ou ankadre nan komin nan depi lè w minis? Konbyen aktivite spòtif k'ap fèt nan komin ke'w pote sipò paw ladan? Oubyen ki aksyon ou poze nan komin nan pandanw minis lan ki pou ta fè nou met chapo ba devan non w? Si tout fwa ou ta poko fè eske jenès la ka espere yon bagay de ou toujou la???? Antouka m'ap tann repons e mw espere mw jwenn repons ------>yon moun tag minis la pou mwen nan yon kòmantè

Se te konsa ke fèt drapo a te ye nan komin nan, kote ke te gen anpil bel anbyans ak yon piblik ki te orandevou nan kòniy...
18/05/2022

Se te konsa ke fèt drapo a te ye nan komin nan, kote ke te gen anpil bel anbyans ak yon piblik ki te orandevou nan kòniyon granbwa! Koutim nan toujou kenbe nan komin!!

Nou swete tout moun Bòn fet drapo !!!!!!!!
18/05/2022

Nou swete tout moun Bòn fet drapo !!!!!!!!

30/04/2022

Menm sa kite uvri gagann yo kouri dèyè minustah yo, se menm yo menm gagann yo fèmen lè yo wè jan bandi ap maltrete yon pèp e gen anpil nan yo ki envesti nan bandi sa yo, ti mesye lavi a gn revè... Ke tout sa ki tonbe anba bal malfra yo ke nanm yo repoze, e sa ki vivan yo nou ap di yo bon konba!!!!! Moun kòniyon anpil pridans sitou pou sa ki laplèn yo, nou bouke pran twòp move nouvèl.

Chapo ak gwo kokennchenn inisyativ sa, kote ke yo fè vini yon pwofesè ki pou montre anpil jèn nan kòniyon jwe enstriman ...
27/04/2022

Chapo ak gwo kokennchenn inisyativ sa, kote ke yo fè vini yon pwofesè ki pou montre anpil jèn nan kòniyon jwe enstriman sa! tipa tipa zwazo f nich li....

Credit photo et source de l'information by Mr Jean Gardy Augustin

M pral wè moun ki konn kote yo soti a byen, kiyes ki ka dim ki zòn sa e ki kote fotograf la kanpe poul pran foto sa?
26/04/2022

M pral wè moun ki konn kote yo soti a byen, kiyes ki ka dim ki zòn sa e ki kote fotograf la kanpe poul pran foto sa?

Bon rekòt kafe Mr Ernest Camille, yon gwo potorik gason ki itil kominote a anpil, menmsi nou poko onore ou men ou konte ...
26/04/2022

Bon rekòt kafe Mr Ernest Camille, yon gwo potorik gason ki itil kominote a anpil, menmsi nou poko onore ou men ou konte anpil pou moun koniyon!

Adresse

Cornillon

Téléphone

+50935359906

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cornillonais revolté publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Cornillonais revolté:

Partager