27/09/2026
Pèp Sud-est
Jodi a, nou pa vin pale sèlman sou eleksyon. Nou vin pale sou avni Sud-Est.
Sud-Est merite yon reprezantan ki kapab pote vwa depatman an ak diyite, fòs ak responsabilite nan Sena Repiblik la.
Nou bezwen yon Sud-Est kote devlopman pa rete yon pwomès, men kote aksyon fèt.
Nou bezwen batay pou devlopman enfrastrikti: amelyore wout yo, fasilite sikilasyon moun ak machandiz, epi ankouraje pwojè ki kapab kreye plis aktivite ekonomik nan depatman an.
Nou bezwen travay pou yon amelyorasyon nan sektè telekominikasyon, pou kominikasyon vin pi aksesib e pi efikas pou popilasyon an.
Nou bezwen mete sekirite pami gwo priyorite nou yo, paske san sekirite pa gen devlopman, pa gen envestisman, pa gen avni solid pou jèn nou yo.
Epi nan chanm Sena a, fòk gen yon vwa ki pote reyalite Sud-Est la, ki pale sou pwoblèm li yo, ki defann enterè li epi ki mande pou depatman an jwenn plis konsiderasyon nan politik devlopman nasyonal la.
René Monplaisir prezante vizyon yon lòt Sud-Est:
Yon Sud-Est ki pi devlope.
Yon Sud-Est ki pi byen konekte
Yon Sud-est ki pi an sekirite
Yon Sud-Est kote jèn yo jwenn plis opòtinite.
Yon Sud-Est kote chak komin gen dwa espere pi bon demen.
Pou yon lòt Sud-Est, se travay, se angajman, se responsabilite.
Ann pale sou pwoblèm nou yo.
Ann chèche solisyon yo.
Ann mete enterè Sud-Est devan.
Viv Sud-Est! 🇭🇹
Viv Ayiti! 🇭🇹