09/09/2025
*🌍 Ribrik "Tour du Monde" avèk Koze Eskout*
*Destination : L'Italie 🇮🇹*
*Personnalité : Giorgio Armani*
Jodi a, nou mete onè sou yon gwo figi mond mòd la, *Giorgio Armani*, ki kite nou *le 4 septembre 2025*. Se avèk anpil respè nou salye memwa li atravè ribrik sa a.
*Kilès Giorgio Armani te ye ?*
Nè 11 jiyè 1934 nan Piacenza, Itali, Giorgio Armani se te yon *stylist vizyonè*, *designer*, ak *antreprenè* ki revolisyone mòd ak yon stil senp, sofistike e atiran. Li te mete aksan sou distenksyon san egzajerasyon,e li te vin tounen yon senbòl élégance atravè lemonn.
*Travay ak Legliz li*
Fondatè *Giorgio Armani S.p.A.*, li devlope mak li nan plizyè sektè : rad, kosmetik, parfen, mèb e menm otèl. Li te toujou mete kalite, rafinman ak respè pou kò moun nan sant chak kreyasyon li.
*Enpak li sou mond lan*
Armani pa sèlman te kreye rad,li te mete fanm ak gason sou pye egal nan mòd, li chanje fason nou wè bèlte ak stil. Jodi a, estil li rete yon referans mondyal. Li te tou yon moun angaje sosyalman ak filantwòp ki te mete lajan li pou ede sante ak edikasyon.
*Yon modèl pou jèn yo*
Nan lavi li, Giorgio Armani te montre kijan travay di, vizyon klè, ak pasyon kapab fè ou grandi. Se egzanp lanmou pou bon jan travay, senplisite, ak rèspè,valè ki mache byen ak lespri eskout la.
*Yon dènye mo*
Nan moman sa a, mond lan pèdi yon lejand, men eritaj li pap janm efase.
*Giorgio Armani, ou rete vivan nan stil, vizyon ak enspirasyon ou ban nou.*
Ribrik "Tour du Monde" avèk Koze Eskout ⚜️✈️
Rete konekte pou lòt dekouvèt enspiran atravè mond lan.