24/02/2025
Merci infiniment L'INSTANT 🤍🙏
Glamour Model Agency: Yon Nouvo Chimen pou Endistri Mòd la nan Grangwav.
Grangwav, 22 fevriye 2025 , Mouvman nan sektè mòd la pran yon dimansyon nouvo nan Grangwav ak lansman Glamour Model Agency, yon ajans ki vle kreye opòtinite pou jèn talan yo. Nan yon vil kote endistri mòd la toujou ap chèche etabli tèt li, ouvèti sa a make yon chanjman enpòtan ki ka redefini avni mannkina nan komin nan.
Yon Vil Kote Mòd Ap Chèche Fè Chimen Li
Malgre efò pase yo pou mete mòd an valè nan Grangwav, sektè a pa janm reyèlman jwenn estrikti solid pou pèmèt li fleri. Plizyè inisyativ te fèt, tankou Miss LAM, ki te sèlman rive reyalize yon sèl edisyon, Miss & Mister ISFAGG, Roi et Reine IMAGG, ak plizyè tantativ pa ekip MigShow pou lanse konkou "Miss Grand-Goâve", ki malerezman pa janm abouti.
Absans yon estrikti ki ofri ankadreman ak devlopman te toujou yon gwo defi. Se nan kontèks sa a Glamour Model Agency parèt, ak anbisyon pou chanje dinamik la epi mete Grangwav sou kat endistri mòd la.
Yon Premye Casting Reyisi
Pou make ouvèti ofisyèl li, Glamour Model Agency te òganize yon premye casting, ki te atire jèn fi ak gason ki vle fè wout yo nan domèn mannkina. Sou 12 postilan ki te patisipe, tout te rive konplete seleksyon an avèk siksè. Landmy Dorce, Djenica Rodney, ak Vladimyr Michel, (coach nan NNS Model Agency), te jije pèfòmans yo ak anpil atansyon pou chwazi reprezantan ajans lan.
Nan fen seleksyon an, Lucneison Simbert ak Norlie Mathieu te deziye kòm de (2) gran loreya. Yo pral gen pou defann koulè Glamour Model Agency ak vil Grand-Goâve nan yon gwo fashion show ki prevwa fèt nan Tigwav an avril 2025, sou tèm "Caribbean Culture".
Yon Ajans Ki Gen Yon Vizyon Klè
Glamour Model Agency pa sèlman vle fonksyone kòm yon espas kote jèn yo ka fè foto ak defile sou podyòm. Ajans lan vize bati yon estrikti ki bay fòmasyon, ekspozisyon, ak sipò pou tout moun ki vle pouswiv yon karyè nan domèn mannkina.
Nouvo estrikti sa a vle mete an valè talan ki toujou pa eksplwate nan Grangwav pi kreye yon veritab kominote pwofesyonèl, ki kapab pèmèt modèl yo benefisye bon jan ankadreman pou reyisi nan endistri a.
Avèk lansman Glamour Model Agency, Grangwav franchi yon etap enpòtan. Se yon demach ki pa sèlman ouvè pòt pou jenerasyon modèl kap vini yo, men ki ka tou etabli vil la kòm yon nouvo sant dinamik pou endistri mòd ayisyèn nan.
Sheldana PASCAL ✍️
L’INSTANT