The Video Game

The Video Game Cette page reste une interface de contact pour tous ceux ou toutes celles qui aimeraient nous contacter pour nous faire part de leur produits.

13/09/2024

Mezanmi, eske nou sonje Dola 50 leta pran sou chak Transfè ki fet anndan peyi a.

Pa gen Lekol ankò pa bò isit.
Pa gen wout pa bò isit

Poukisa pyes pa kanpe pou di non nou pap peyel ankò!?

Poukisa nou aksepte peyel toujou?
Sa nap tann pou nou di NON....

04/12/2017

Nou ekri jodya pou nou di mesi ak tout moun ki renmen paj sa'a, ki komante oubyen ki pataje li. Nou voye anpil bizou pou medam yo, anpil Papach pou mesye yo. Mesi...

Mwen vle ekri poum di nou pa sispann jwe. Jwe nenpot jwet ki ka ede nou detann nou. tout jwet ki ka ede nou libere stres lakay nou. Jwe pou nou ranfose lyen ak zanmi nou, lyen ak fanmi nou. Jwe pou nou ranfose relasyon nou. Jwe pou nou ka santi nou pi vivan...! Ri pou nou ka ede lot moun viv kote nou ye. yon souri ki pataje vo anpil.

Ann jwe pou nou ka amize tet nou epi amize lot moun ki nan antouraj nou...! Jwe nou ka reviv tout bon moman ki pase. Jwe pou nou ka rejwenn anfans nou ke stres ak pwoblem fin pote ale. Jwe pou nou ka fe fas ak eksperyans lavi...!

Menm jan nou pa anvi sispann fe eksperyans ak lavi. pa sispann jwe. pa sispann ri, a chak fwa, nou ri, nou briye pou yon bann lot moun ke nou inyore prezans yo men ki viv de ou...!

30/04/2017

MEN PWOBLEM!!!

Anpil otorite nan vil ench, pa vle tande pale de “Jeu Video”. yo di se jwet aza li ye. Moun nou pa ta menm panse wi kap di sa… ! Paske pitit yo peye :
• 10 goud pou yo fe 20 minit ap jwe
• 25 goud pou yo fe 60 minit ap jwe.

Yo twouve se mal. Yo twouve se pa byen. Avan mwen pale plis sou sa, banm fè yon ti analiz pou nou wè sa moun yo rele AZA’a.

MATERYEL PRI AN GOUD
Consol Playstation 2 4000
TV / Flat Screen 19" ($ 250 US) 17000
Manette (Unite) 1000
CD Playstation 2 1000
Cle USB 750
Carte Mémoire PS2 1000
1 Gallon gaz (Faute d’electricite) 225
Total 24,975

San nou pa evalye enstalasyon pou espas la tankou, chez, ban ak tab pou li ka jwenn yon konfò minimum, chak moun ki vin jwe avèk nou gen nan men li, pou pi piti, 24,975 goud en byen materyèl.

Se anpil Onè nou fè pitit chak moun ki vin jwe avek nou.

Jwèt ede timoun yo reaktif. Li pèmèt yo gen anpil kapasite pou yo swiv yon ideal, yon objektif. Li pemet yo, malgre laj yo, planifye yon bon system atak ou yon bon system defans. Li ede sevo yo devlope byen, li pemet yo mete yo an konpetisyon ak lot timoun ki pi fo. Li fe yo gen konfyans nan tet yo.

Sa nou rele AZA’a, se sa anpil nan yo te konn jwe lontan’an. Teke mab nan ronn pou lajan, Teke nwa nan wonn, Voye elastik, jwe pike kole etc… Se pa ak yon manet yo jwe aza Otoritem yo.

28/04/2017

Nou se Game n' Services. Nou se yon sant ki pèmèt tout moun, tout laj vin divèti yo avèk bèl "Jeu Video". Nou nan bwa vèna, Hinche.

Nou itilize Playstation 2. Nou gen plis pase 200 Jwèt disponib pou moun ki renmen jwe Mission, Kous machin ak Moto, PES ak FIFA. Gen anpil lot kategori toujou pou timoun ki pi piti yo.

Pou nou ofri yon bon sèvis ak tout moun ki vle jwe, nou Legalize espas nou an e nou mete moun kap jwe yo an sekirite ak konfyans. Nou ofri anpil avantaj tou ak tout moun ki jwe avèk nou.

Pou paran yo, genyen anpil avantaj lè se "abonnement" nou fè pou timoun nou yo.
• Nap ka limite stil jwet nou vle yo jwe,
• Nap ka kontwole lè yo vin jwe, paske ansanm nap etabli yon orè pou timoun nan
• Nap depanse mwen kob. Paske si nou abone, nap peye lè a pi ba pri.

Pase mande enfomasyon sou “abonnement” yo oubyen avantaj yo. Ede nou ofri ou yon sèvis ki nan nivo ou merite.

Pou enfomasyon, pase wè nou :
Nan Ang ri Mgr Decoste ak ri Des Innocents
Telefòn nou se 4194-5922

Jwe Jwet ou!Jwe se yon mwayen pou tout moun distre yo, se yon fason pou nou libere lespri nou de tout sa ki mande konsan...
14/01/2016

Jwe Jwet ou!

Jwe se yon mwayen pou tout moun distre yo, se yon fason pou nou libere lespri nou de tout sa ki mande konsantrasyon. Isit ench, pa vreman gen anpil espas pou moun de 8 a 17 ane distre yo.

Nan sans sa'a anpil moun mete yon yon tele, yon playstation pou pemet moun ki nan kategori sa yo jwe pandan yon ti tan. Nou menm nan Bwa Vena, nou vle mete yon espas ki pi reprezantatif, akseptab avek avantaj pou tout moun ki vle jwe avek nou.

Vizite nou, mande eksplikasyon sou avantaj nou yo.

MANETTE pou Playstation 2 yo pa fasil pou nou jwenn yo achte, Nou konn fe komand pou yo, men kek fwa se pa fasil pou nou jwenn sa ki bon. Tout kontak ki ka ede nou jwenn MANETTE ap ede nou anpil.

Pafwa atant nou yo konn long anpil. pafwa se pwoblem MANETTE ki koz sa. Poutet sa si yon moun vin jwe ak MANETTE pa li, lap pi fasil pou nou, li pap pran tan tou pou li jwe.

Mwen vle nou konprann reyalite ak anvi nou genyen pou nou kreye yon bon espas ki pa fe pues moun soufri. Nou konte sou konpreansyon nou tout...

Mesi

15/08/2015

Nous cherchons un partenaire. Ensemble ce sera une solution gagnant-gagnant.

06/08/2015

Manette Playtation 2, Qui en possede?

04/08/2015

Nan lavi nou gen yon sel obligasyon. Jwe Jwet ou! Moun ka toujou vle entimidew men, yon sel bagay pou konnen e pou konprann...!

Sel ou menm ki gen mwayen pou defann tet ou, sel mwayen ou genyen pou defann tet ou, se fason wap panse, Fason wap panse, se sel zam kap ka defann ou. Se sel vwa, kap pemet ou reyisi oubyen echwe!

Chwazi byen sa wap panse!

Bon Mardi a tous!

03/08/2015

Cette page reste une interface de contact pour tous ceux ou toutes celles qui aimeraient nous contacter pour nous faire part de leur produits.

03/08/2015

Mwen di tout moun zanmi Facebook yo, yon bel bonjou maten an. Mwen espere ou pase yon bon jounen pandan map renouvle demand mwen an yon lot fwa anko. Ede nou jwenn Manette Playstation 2 achte! Si ou genyen pou vann oubyen ou konn yon moun ki genyen, mande li komante paj sa'a pou nou ka rantre an kontak avek li.

Merci

02/08/2015

Nou solisite apwi tout moun, sou paj sa'a. Nou se yon Salle de jeu ki itilize Playstation 2, Xbox, game Cube etc...! Nou gen anpil difikilte pou nou jwenn manet achte. Oumenm ki genyen kontakte nou, oubyen mete nou an kontak ak yon moun ki genyen. Mesi

02/08/2015

Nous cherchons des entreprises ou particuliers capables de nous fournir des manettes de Playstation 2.

Adresse

Rue Monseigneur Decoste
Hinche
509

Téléphone

3920-9625

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque The Video Game publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager