26/08/2026
Medam ban m pale avèk nou. (Chita !)
Selon ti kras eksperyans mwen fè nan koze relasyon, men sa m aprann:
Depi yon nèg renmen w jan l di a vre, dayè yo toujou ap di sa, li p ap janm twò okipe pou ou. Dayè si l ta okipe li fè jounen an li pa tande w, l ap tèks oswa rele kanmenm pou l konn Kòman w ye, e sa p ap pran yon minit. Note byen ke pòs sa pa pran m 5 minit pou m ekri l.
2) depi w wè w ap pale pou sa k pa fè w plezi nan relasyon an, ou wè l pouse w repons sa yo:
Hmmm, di sa w vle, pran l jan w vle, panse sa w vle, na pale de sa pita oswa yon lòt lè
Olye de: ok ann pale de sa, m vle chanje konpòtman m, montre m Kòman pou m fè.
Si w pa ka bay vag, ( ki se sa mwen fòtman konseye), ralanti.
Paske yon moun ki vle sa mache p ap monte lestomak li, ni fè gwo kòlè paske l konnen sa p ap abouti a anyen. Pou dayè, si w pa t vle sa rive lwen, ou pa t ap nan pale anpil, e si depi premye fwa a li te rezoud sa ou pa t ap nan pale 2,3 fwa.
3) m poko janm kontre yon renmen kote de moun yo pa fè ti diskisyon yo. Men si chak jou ou wè se yon diskisyon san sans, ki pa janm abouti a anyen, m panse de lè pou n ta rekonsidere relasyon an.
M ta di plis toujou wi, men jounen m chaje.