15/01/2025
Plizyè jén gason mélanje avèk kèk pwofesè lekol nan 7tyém seksyon komin tigwav (Delat) nan komansman mwa janvye 2025 la te rive resevwa Sètifika aprè yo te fin swiv plizyè jou fòmasyon sou Energie Fotovòltayik swa enèji solèy
Kote yo te aprann :
- Limen yon anpoul
- Mete kouran nan yon priz
- Enstale pano soley swa en Seri ou byen en paralèl
- Enstale Batri , Sistèm 12 v ak 24v
- Invètè
- Regilatè.
- dimansyònman chaj .
Plis anpil lòt kichòy toujou.
Fòmasyon sa a te rive realize avek ekip sa a ki gen pou nom (CEFTES) gras avek Sipò plizyè moun nan kominote à pou site :
* Mede Jean Claude
* Auguste Franck
* Bonhomme Martin Claude
* Brutal Frenel
* Sylvain LEBRUN
Pou nou site sa yo selman.
Nan sans sa a ekip la te vrèman satisfè pa rapò avek tout devouman etidyan yo te manifeste pou kontinye aprann yon metye manyèl.
Ki donk Etidyan sa yo disponib sou mache travay la. Konsa kèlkeswa travay ou ta bezwen realize nan sa ki gen awè avèk enstalasyon pano solèy, Batri inverter ak regilatè pa neglije kontakte yo nan : +509 47287018 / 48101022 y'ap kontan edew .
Priyorite nou se satisfaksyon w
Ekip la ap travay pou pèmét seyans fòmasyon sa yo kontinye nan seksyon an.