Bhery Mane

Bhery Mane Tout moun ki vle fè youn ak plezi pwezi ka vi n la.

28/04/2025

Lontan pou w te jwenn yon bèt ak plizyè tèt fòk ou ta gad fim oubyen fòk ou ta al nan liv nan labib ki pote non revelasyon an. Jodi a si w bezwen yon bèt ak plizyè tèt ou ka vi n an Ayiti.

Wi se sèl nan peyi m yo konfye yon pouvwa a nèf prezidan. Nèf banbochè, nèf nèg ki vann peyi a pou manje ak bwè.

Yon nèg depanse 100,000 dola vèt nan 10 jou vwayaj. Lòt yo ap touche anviwon 900,000 goud sa ki bay yon total de 8,100,0...
28/04/2025

Yon nèg depanse 100,000 dola vèt nan 10 jou vwayaj. Lòt yo ap touche anviwon 900,000 goud sa ki bay yon total de 8,100,000 goud nan yon peyi pandan jèn yo ap grate santi. Pa gen anyen k ap fonksyone la. Moun ki alèz isi a se swa w gen santiman apatenans, swa ou s on privilejye, swa w gang.

Nèg sa yo panse Ayiti se byen manman yo mouri kite pou yo.

Bonsoir les amis. Saviez-vous que nous sommes des dieux? En effet, nous le sommes. Je suis ce dieu qui hier matin s'est ...
28/04/2025

Bonsoir les amis. Saviez-vous que nous sommes des dieux? En effet, nous le sommes. Je suis ce dieu qui hier matin s'est réveillé avec un plan d'enfers. Si, les potos, j'ai un plan solide pour faire couler la thune à flot. Même si je sais que le monde où l'on vit encourage la facilité, je peux vous assurer que ce ne sera dutout pas un plan à trois. Non, non, et non les amis je ne veux pas d'associer sur ce coup, je crois que pour une fois je voudrais bien le boire seul.

Oui, mes frangins, ce qu'il y'a lorsqu'on fait quelque chose à deux c'est qu'il y'a toujours l'un d'entre nous qui travaille plus et l'autre moins. Y'a toujours quelqu'un couché avec les deux pieds pointant le plafond, dégustant une saucisse remplie de mayonnaise faisant des gémissements à la con après chaque morceau avalé. Et le plus drôle dans tout ça c'est que cette personne veut profiter à tout prix.

Lorsque tu jouiras mon ami, elle qui n'a pratiquement rien fait voudra partager à part égale. En effet bro, elle te collera un divorce au cul sans état d'âme. Elle t'agitera sur le visage les pensions alimentaires, les enfants qu'elle a monté contre toi. Mais laisse moi te dire, elle peut prendre la moitié de ta fortune mais ce qu'elle ne pourra pas t'enlever c'est ton parcours. Ces obstacles que t'as surmonté, ces situations que la majeure partie des gens appellent problèmes etc que t'as su convertir en opportunité d'affaires.

Certes, tu seras un diable pour elle mais pour les gens comme moi tu es un stratège. Un homme(femme) d'affaire, un chef d'entreprise corriace, quelqu'un qui sait que l'échec c'est rester tout le temps à terre. Toi qui lit ce message aujourd'hui, moi Bheryahsonsun te salut.

Bhery Mane

Demen se rezilta yon kalkil nou fè Jodi. Sa m renmen an li pa bezwen konnen si w pat fò nan chif. Chak kòpòtman w adopte...
27/04/2025

Demen se rezilta yon kalkil nou fè Jodi. Sa m renmen an li pa bezwen konnen si w pat fò nan chif. Chak kòpòtman w adopte ap abouti ak yon rezilta.

Si w vle ou ka leve ou fè jounen an ap gad série. Ou ka leve ou fè jounen an ap dòmi. Ou ka leve ou fè jounen an ap fè kòb. Ou ka leve ou fè jounen an ap travay sou tèt ou. Ni sa k te travay ni sa k pa t travay nan fen jounen an sibi yon ekzamen e demen l ap jwenn rezilta.

Bhery Mane byen ak mal konbine.

Jodia se yon gwo jou, se moman n ap gen pou n suiv pwosè manman sa yo akize dèske l ta komèt zak asasinay sou pitit li. ...
27/04/2025

Jodia se yon gwo jou, se moman n ap gen pou n suiv pwosè manman sa yo akize dèske l ta komèt zak asasinay sou pitit li. Jan nou ka remake l, plizyè lòt manman mase devan tribinal la pankat nan men, sou menm oktav, y ap mande pèn kapital pou manzè. Selon yo yon ekzanp dwe trase, menm nan dòmi yon zak konsa pa sipoze repete nan sosyete a.

Selon sa yon sous fyab rapòte n, kèk jou anvan pwosè a manman sa yo, twomatize pa sa k rive a te oblije reyini an ijans pou yo te ka konn kòman y ap separe byen yo piske pa gen pyès fanmi l ki parèt.


Li enpòtan pou nou konnen tou jij ki anchaj dosye sa a se mari madanm sa ki nan tèt mouvman e menm si li menm pa anvizaje fè pitit, li estime yon bagay konsa se nan tèt li l dwe ye.

Nou konnen mandanm sa te gen 8 pitit e se bon pye rès yo k te sove yo. Pou moun ki pa t suiv jounal maten an nou te gen chans rantre an kontak ak 3 nan yo, sa k Brezil la, Chili an epi Biden nan lòt la li menm te kay vwazen men nou konnen jan tretman migran ilegal yo ye dèyè a, li dwe ap suiv pwosè a nan yon ti kwen.

22/10/2023

Nou pa sou fete
Nou, move van lavi soufle te
Nou, ki te cho,
Li ale men l kite so

Sou nou, sa k mete n adwat
Lè pou n veye tèt pa dwat,
K ap veye sou nou

Alòske n pa bwè,
Sa ki wè n poze
E ki tou oze
Mande n kenbe Prestij
Nou alòske n pa byè,

Tout gentan sou bay konsèy
A kisa sèvi w gen biznis,
Si w pa vle met ansèy

Paran de grenn goch
Souvan konfonn nou AK pitit yo,
An pasan m pa sèlman adikte AK sa frè
N adikte AK abitid yo,

Yo pa renmen n pa paske
Yo paka blo n ni pile n,
Jis paske yo eseye
Men san rive manipile n,

Bhery Mane

Nou fini pa konprann ke
Si mouche sousou te nou
Anpil t ap chouchoute nou
kòm se pa sa, tout sou choute nou 😅

Kite priyè pou n pran kantik

Durand, èske w konnen
Oswald wè n soumoun
Lè l tonbe sou nou,
An fòm kola k ap bwè "choucoune"?😏

Li menm pwomèt nou lanmò
Nou ri l jiskaske l fè sèman
li konn pa gen twòp diferans ant bwè AK manje
Li ki wè l sèlman🤣.

18/10/2023

Reyisit paka pèsonèl; se yon vi team,
Yon moun wèl yon lòt jan,
Malerezman se yon viktim
M ap toujou kritike moun

Ki gen lajan pou erè yo,
Men konparativman ak ou
Yo pa mache dèyè lajan
Se li k ap kouri dèyè yo.

Reyisit pa endividyèl ti jèn,
Kidonk fò k ou fè rezo,
Malere pa chen vre
Men tou 2 ap chèche zo.

Frè m ou ka reyisi, se pa maji Bhery Mane
Li bon pou w reflechi men
Li ankò pi bon si w aji,
Met nan tèt ou ke

Tout sa k dwe fèt pa oblije bon,
Men tout sa k bon dwe fèt,
Zye gri diferan de zye vèt,
Fò w pa konfonn echèk ak defèt.

Tonbe pa anyen, pwoblèm nan se si w pa leve

Pòv ou rich,
Pa gen bouch ki pa konn manje,
Pa gen moun ki chich
Jis gen moun ki pa konn mande.

Ou ka fò avè m kòm pwofesè k ap ba w bèt
Fò w pa konfonn moun k ap ba w men
Ak sa k ap ba w dwèt.

Bhery Mane

Sispann mennen yon vi kwense,Mennen yon vi laj,Al kot Dye si jamè ou ta vle Mennen yon vilaj.                           ...
13/10/2023

Sispann mennen yon vi kwense,
Mennen yon vi laj,
Al kot Dye si jamè ou ta vle
Mennen yon vilaj. (Vilaj de Dye)

Nan lavi gen 2 tip de moun,
Gen sa ki dèyè bous,
Gen lòt ki dèyè dous,
W ap oblije bay fè papye

Pou yo te ka ale lwen w,
Gen moun ki sensè avè w
Ki pap pè di w "bon vent",
Gen lòt ki toujou ap ba w bon jan,

Kounye a yo devan,
Yo wè yo kite mak pye,
Yo jis pran w pou papye, Bhery Mane
Pou yo siye dèyè yo.

Yo fè w tounen ti komik
Tèlman yo pase w nan tenten,
Si w remake lòt medam yo ba w frèt,
Ayiti se yon peyi tropikal l ap ba w cho

Jèn fi sa, kite, tout blanmannan touche l,
Dèfwa m mande si se yon manman,
Ki te pouse l.
Ayiti pi fasil pou touche ke sòl,

Ayiti bwè nan Pyè, li manje nan Pòl,
Sa sa fè si w manje nan asyèt, li manje nan bòl?

W ap di l pa fòme. Banm di w! Sèl fwa ou w fòme se lè w gen règ ou a tout sa ou paka mache dwat.

Gen kote, yo trete esklav tankou mètMen ou menm mas la yo ba w mato,Yo fè lavi w tounen yon fyasko,Lè yo trete w tankou ...
12/10/2023

Gen kote, yo trete esklav tankou mèt
Men ou menm mas la yo ba w mato,
Yo fè lavi w tounen yon fyasko,
Lè yo trete w tankou bèt.

Li lè pou pitit nou yo,
sispann kite lajan divize Yo,
pouvwa pa t janm pou dirijan
Men pou dirije Yo,

Nou sans inik,
Nou pap pèdi Sans nou pou diri,
E Sesi, menm si yo mete n
Nan obligasyon pou n di wi. Bhery Mane

Ti jèn konnen ke libète
pa jwenn nan kraze brize,
Men nan kase chenn.
Nèg yo blese n, ann Panse yon lòt fason,

Manyen kesyone tèt nou,
Kijan fè nan fim sa se nou yo bay zam,
se nou yo bay bal
Men alafen nou pa janm jwe lòt wòl ke bandi?

Yon rivyè tristès, ap koule nan zye pitit sòyèt,
Nèg ap mal manje, y ap fè abdomino
Si w wèl kontan se paske l sot chanpyon
nan yon jwèt kat ak domino.

Lavi w ti jèn, se yon bò sitwon, yon bò lèt.
Ti jèn, kijan w vle lavi w pa yon aza pandan ke lekòl ki la pou fòme w s on bòlèt?

Konbyen fwa move van lavi fè w flechi?
Viktwa pa pou sa k ap prese aji,
Men pou sa k relechi.
Jèn lòt kote ap avanse,

Nou menm nou vle bouje,
Men èske sa posib si
Tout jounen n ap met estati?

M kriye lè m wè w k ap pliye😭M twouve m degoutan,Ou malad e poutan!Sou ou se Mwen k apiye😩Fanm se poto mitanSan li m p a...
07/10/2023

M kriye lè m wè w k ap pliye😭
M twouve m degoutan,
Ou malad e poutan!
Sou ou se Mwen k apiye😩

Fanm se poto mitan
San li m p ap manje?🤔
Li tounen esklav si san
Li kabann m dòmi p AP ranje

M pa sispann met may menm
Lè m pa t wè nèg yo🤷🏾‍♂️
Yo menm ki san zatann Al Biden
Alòske vye sè m yo pa wè règ yo😔

Menm si m konnen genyen l nan bwat
Jewometri yo pat sifi pou te fè yo
Tonbe mache dwat
Yo fini pa dòmi AK regrè yo

Se mwen k parenn timoun yo,
M tounen papa, pou tèt mwen m paka fè yon mèd,
Si m kontinye se Mwen k AP lèd,
Sè m renmen lajan m men rayi diskou m yo

M pa bay ankò twòp sitirans
M pa wont m tonbe baye tou,
Mwen tou m dwe bay lavi m Yon sans;
Ba tèt Mwen Yon chans pou l fondé fwaye tou

M toujou Di tèt Mwen se yon sèl fwa
M pa kwè m ap rekonpoze;
Wi, si lanmò pa ta rive separe n
M p ap nan fanmi rekonpoze

M pa fe maryaj konfyans,
Men pou lanmou m te dwe fè yon oze,
Fanm pa konn pran konsyans
Machann pa ofrim lanmou, m dwe, fè yon poze.

Bhery Mane

Adresse

Juvénat, Rue Mérilus
Pétionville

Téléphone

+50946628445

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bhery Mane publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager