03/04/2026
men kòman politisyen Ayisyen mele ak lòt nasyon pou fini ak Jènn Ayisyen.
sa a pran tèt leta a lifè 5ans oute gen 15ans ou vinn gen 20ans anyen pa regle .
sa a pranl nan tranzisyon lifè 3ans oute gen 20ans ou vinn gen 23ans anyen pa regle.
sa pranl ankò lifè 5ans oute gen 23ans ou vinn gen 28ans anyen pa regle .... oupa janm tande kote politisye Ayisyen di yo fè yon chita pale sou kòman yo pral kreye anplwa Ayiti .. pigwo anplwa politisyen isi se asenisman .. ou gadew wè moun nan ak yon zo bale nan lari a se kwèt kwèt kwèt epi pou 2 jou wi asenisman fini .. yo pajanm panse ak sak pral vini tan ap gen plis moun dwe gen plis travay.. wout yo dwe pi laj koz ap gen plis machinn dwe gen plis wout .. Oh dirijan haïtien.. nou espere jwen yon IB Traoré .... Dirijan isi tadwe wont wi paske Ayisyen pajanm mande nou travay mèm problèm ensekirite a nou ta rezoud ... yon moman ouwèw gen 60ans san viv yon ti vi nòmal hmmm si pagen yon revolisyon koupe tèt kite kay kifèt nou mèt touye tèt nou . Paske epa tout moun kika pati jwenn kòb la pa fasil 😭😭