28/01/2026
Chapo ba pou Prezidan Sensi
Kouray pou ou, ewo nou
Nan lakou Centre d'Etudes Diplomatiques et Internationales - CEDI , vè lane 2015 konsa, te gen yon semenn konferans-deba tèt chaje ki te mete kowòdonatè Depatman Diplomasi a an vedèt, mesye Camille Edouard Junior.Antan konesans t ap bouyi, yon etidyan enfliyan ki rele Jan Mak, nan entèvansyon l, fè konprann Ayiti pa t pare pou demokrasi.
Deklarasyon sa te tèlman fè yon gwo dirijan CEDI mal, mesye a rive pran mikwo a nan bouch Jan Mak. Depi lè sa, mwen pran 10 lane ap reflechi sou reyaksyon sa a, jiskaske mwen rive konprann vrè pwoblèm nan : dirijan an pa t reyaji demokratikman, e nou pa ka kontinye enpoze demokrasi ak vyolans.
Kisa tout sa gen pou wè ak gwo epi bèl jès Prezidan Sensi fè jounen jodi a?
Antan li “enpoze” volonte meriken ak alye l yo nan gouvènans lakay nou, kote li boude revokasyon minis Didye, antan l derefize pibliye desizyon konseye yo nan jounal ofisyèl peyi a, pou revokasyon an efektif. Misye Didye limenm ki kontinye bat lestomak li toupatou kòm sèl kòk chante, èske se tanperati nen l ki pa twò wo oswa li deside sakrifye diyite l pou nasyon an?
Nan yon nòt pou laprès ki soti anba kout kreyon Mouvman pou Refòm Dayiti (MOREH), ki te pibliye sou paj fesbouk Dr. Rod Joseph 3 Kout Kanno Pou Verite. Nan nòt sa, obsèvatè MOREH yo pale klèman de krim trayizon wo nivo, e yo deklare sa se yon zak grav kont Konstitisyon an ak prensip fondamantal yon Leta ki pran lalwa kòm bousòl.
Nou menm, nou vle raple Ayiti ap travèse yon moman difisil. Nou pa nan mitan moun ki panse tout bagay dwe fèt drèt pou konbat bandi yo ki pa okouran de legzitans lalwa ni sonje diyite popilasyon an y ap maspinen depi kèk tan. Epoutan, nou konnen byen, vyolasyon lalwa, se bat chen an tann mèt li.
Si nou ta konsidere jès Prezidan Sensi an kòm yon jès pou byen Repiblik la, kisa lalwa pral di lè tout bagay retounen nan lòd?
Èske yon senp deklarasyon meriken yo pral sifi pou anpeche Didye, Sensi, ak lòt mesye yo non yo te site nan move zafè yo pran kòd?
La, nou rive nan nannan kesyon an.
Atik 21 Konstitisyon 1987 la di klèman :
Krim trayizon wo nivo fèt lè yon nonm oswa yon fanm pran zam nan lame etranje kont Repiblik la, oswa lè yo defann enterè yon peyi etranje nan detriman enterè Ayiti, oswa lè nenpòt fonksyonè deplase byen Leta te konfye l, oswa lè moun ki la pou fè respekte Konstitisyon an vyole li. Kidonk lè Prezidan Sensi siyen akò ki plase l nan KPT a epi kounya li fè nen l tankou lapen k ap souri, pou l pa ranpli fonksyon sa a selon agajman li douvan nasyon an, kote l pretekste byen pèp la, poutan volonte pèp la se pa anndan tèt Sensi ni nan deklarasyon meriken li soti. Volonte pèp la parèt , selon lalwa, nan chak rezolisyon ki ranmase 5 vòt nan konsèy prezandansyèl la. Menmsi konseye sa yo te chat, menmsi yo te chen, lè yo aji, yo aji nan non Leta, tout tan yo la. Tout moun ki kanpe anfas yo kanpe anfas lalwa e vyole lalwa lèw sou pouvwa se bat chen an tann mèt li.
Nan menm lespri ak nòt pou laprès MOREH an, atik 21.1 konstitisyon nou an ajoute : Krim trayizon wo nivo a dwe pini travay fòse avi san komitasyon pèn, sa vle di pèn nan pa ka redwi, pa ka chanje, okenn otorite pa ka grasye li.
Ann kite sa la pou moman.
Kijan pou nou pa ta mete chapo ba devan ni Didye ni Sensi, lè n gade kisa yo riske si se pou “byen pèp la” yo ta aji konsa.
Nou di sa ankò : nou pa deklare mesye yo komèt krim trayizon wo nivo paske lajistis tabli kiyès ki gen konpetans pou pote akizasyon ou enkilpe moun ki nan kontravansyon ak lalwa. Konsa, nou chita sou refleksyon obsèvatè MOREH yo pou n kapab pouse deba a pi lwen, epi pouse mesye sa yo reflechi byen anvan yo pran wout yo pa ka retounen. Paske jodi a, mo “demokrasi” pa dwe tounen yon bout bwa yo sèvi pou frape moun. Epi li pa dwe sèvi pou trennen nan labou pwòp zouzi limenm menm rekòmande yo ( vòt 5 konseye).
E menm meriken yo, pou n pa twonpe tèt nou, ak sa y ap fè nan mond lan depi kèk tan, yo pami dènye pèp sou latè ki ta genyen dwa bay leson sou demokrasi, paske yo sèvi ak mo sa pou yo fè dappiyanp toupatou, epi nan relasyon entènasyonal, se reyalis ki gide mouvman Leta yo : chak peyi se enterè pa l li defann.
Kidonk, pa gen okenn Ayisyen ki sipoze kwè volonte meriken yo ak zanmi yo se pou byen pèp la.
Nou dwe gade egzanp yo, e di mèsi ak misye Didye ak Prezidan Sensi ki konprann byen : apre revokasyon minis lan, si yo anpeche mekanis demokratik yo abouti, lalwa ap pran kaye li, l ap note, e kesyon vyolasyon lalwa pa konn fè silans. Tout mesye ki trayi Leta yo ak sila ki ap bloke pwosedi demokratik yo dwe konprann :
yo ka bat chen an, men se mèt li y ap tann.
—
Anndi Bodlè,
Jiris, politològ