26/04/2022
Gen opòtinite nan lavi ou pa dwe janm rate. Ou dwe toujou chèche aprann yon bagay ki ka ede w konstwi tèt ou finansyèman.
N ap viv nan yon peyi kote leta pa genyen yon politik enèji byen defini. Tout moun ap panse achete pano solèy, batri, regilatè, envètè ak jeneratris mete lakay yo. Byen souvan yo toujou bezwen yon bon Jan teknisyen pou fè enstalasyon an pou yo. Menm pou lakay ou tou ou ka nan peye teknisyen an tou akoz ou pa gen konpetans lan.
Ebyen Boosting Forma Group ak SOLENER HAITI vle ede w rezoud pwoblèm sa nan kominote w lan toutpandan y ap ofri yon FÒMASYON k ap ede w fè nenpòt enstalasyon avèk jeneratris enpi pano solèy. W ap tou genyen lide nan elektrisite batiman.
Nan FÒMASYON an n ap ofri tout on pakèj kote pye w pap mare nan nenpòt djòb ou jwenn. Paske aprè FÒMASYON sa w ap kapab:
1) enstale envètè manyèl ak otomatik(rechajab)
2) enstale pano solèy ak batri
3) branche pano solèy an seri, an paralèl ak miks(seri-paralèl)
4) aprann konnen kouman pou w kenbe batri yo an sante enpi konn ki tip regilatè k ap pi bon pou yon enstalasyon
5) enstale jeneratris kote w ka chwazi bay tout kay lan kouran oubyen yon bò ladan l
6) aprann konnen kouman w pou kalkile chaj yo lè w mete ansanm: pano soley, batri, envètè, regilatè
7) aprann konnen zouti w ap bezwen pou w byen egzèse metye an
Pri: 2500 GDES
Dat: 4 ak 5 Jwen 2022
Ki kote: lise Tertulien Guilbaud
Lè: 9h-3h
Dire: 2 jou
Son FÒMASYON ou pa dwe rate sou okenn pretèks. Pou w patisipe, rezève plas ou nan nimewo sa yo (+509) 4922-8902 / 3223-4769 / 48298483 https://chat.whatsapp.com/ChS242csH8MJYuSAuDOLCO