Commission Épiscopale Caritas Diocésaine de Port de Paix

Commission Épiscopale Caritas Diocésaine de Port de Paix Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Commission Épiscopale Caritas Diocésaine de Port de Paix, Réseautage professionnel, 47, Rue notre Dame, Port-de-Paix.

Bulletin Karitas AN AKSYON Jiyè-Sektanm 2024Bilten Karitas AN AKSYON Jiyè-Sekatanm 2024
12/12/2024

Bulletin Karitas AN AKSYON Jiyè-Sektanm 2024

Bilten Karitas AN AKSYON Jiyè-Sekatanm 2024

27/09/2024

Pour luter contre le changement climatique il faut le comprendre.

Pou konbat chanjman klimatik la fòk ou konprann li

13/09/2024

Chanjman klimatik la rive se paske nou mal jere anviwònman an. poutèt sa nou estime li enpòtan pou n patisipe nan sansibilizasyon pou anviwònman an ki se kay nou abite a. si nou pa fè sa, pitit ak pitit nou yo ap gen anpil difikilte pou viv buen sou bout tè sa a.

Jesyon Dirab anviwònman
1. Kijan pou n jere anviwònman an?
Jere anviwònman se
• Aprann konnen risk yo :(Risk ki depann de ou ak sa ki pa depann de ou). Gen risk ke anviwònman an ka pote: gen risk ke nou pote pou anviwònmsn an.
• Diminye vilnerabilite (diminye frajilite nou fas a risk yo) sa vle di redwi koz yo ki fè aktivite wap mennen vilnerab oubyen anviwònman an vilnerab
• Bati epi òganize rezilyans (asirans pou repare pèt; egz nan yon peyi an Afrik, lè kolonn krikèt te konn anvayi, sa te konn fè anpil dega nan jaden, jounen Jodi a yo manje krikèt sa yo, vann yo nan makèt. An menm tan dega krikèt yo diminye nan jaden yo, sa pèmèt lajan antre.

2. Konprann twa(3) mo kle sa yo nan zafè jesyon anviwònman: risk, vilnerabilite ak rezilyans
Risk: se yon malè pandye ki kapab frape yon gwoup moun, yon kominote oubyen yon ekosistèm.
Vilnerabilite: se eta fèblès yon moun, yon gwoup moun, yon kominote oswa yon ekosistèm ki anpeche li fè fas kòm sa dwa ak yon risk oubyen yon gwoup risk.Se enkapasite yon moun, yon gwoup moun oswa yon ekosistèm genyen pou reyaji fas a yon malè ki pandye sou tèt li.
Boule tè se detwi ekosistèm ki te pèm ki te pèmèttè a fètil. Tè a pa kapab kenbe frechè, plant yo depri depi lapli pa tonbe dri. Move ensèk fè plis dega paske, apre dife a, yo repeple pi vit pase bon bèt ki ap ban nou pwoteksyon yo. Boule tè fè nou vilnerab anfas grangou ak lamizè.
Rezilyans : se fòs ak kalite yon moun, yon gwoup moun, yon kominote yon ekositèm genyen pou li repare dega li sibi apre yon aksidan oswa yon katastwòf ki rive apre yon menas frape l.

3. Senk (5) prensip fondamantal pou jere anviwònman (yo soti sou 27 prensip entènasyonal Deklarasyon Rio)
Dekrè kad pou jesyon anviwònman an gen yen yon chapit ki rele pou jere anviwònman. Chapit sa a gen 11 atik. Yo chak prezante yon prensip. Deklarasyon Rio mwa jen 1992 la gen 27 pwen yo rele 27 prensip. Nan pati sa a, nou pral analize 5 ladan yo. 5 prensip sa yo valab ni pou otorite nasyonal yo, ni pou otorite teritoryal yo, no anndan asosyasyon lokal yo.
5 prensip sa yo se:
1. Prensip Devlopman dirab: Lapè amelyorasyon kondisyon lavi moun epi pwoteksyon anviwonman kòm 3 wòch dife.
2. Prensip prekosyon: Nou pa eritye tè a se prete nou prete l nan men pitit nou.
3. Prensip polyè peyè : Chak sa nou fè nan lavi gen konsekans. Ou dwe toujou pare pou pote koneskans zak ou.
4. Prensip reskonsabilite pataje sou baz kapasite epi pwofi : Ou kite bourik, wap kale sak pay.
5. Prensip enfòmasyon ak patisipasyon : Pa gen pi bon gadyen pou kò pase mèt kò. Ann nou detaye yo youn apre lòt
a) Prensip devlopman dirab :
Prensip sa pote nan vant li omwens 2 lide enpòtan :
Premye lide enpòtan se : Devlopman se amelyorasyon kondisyon lavi moun.
Dezyèm lide enpòtan se : makònay ant lapè, amelyorasyon lavi moun epi pwoteksyon anviwònman. Depi youn nan 3 eleman sa yo manke oswa frajil, devlop[man kominote a pa kapab solid.

b) Prensip prekosyon
Latè pa yo kote nou eritenan men gran paran nou yo, Se yon byen nou prete nan men pitit pitit nou.
Prensip sa mennen nou sispann vare sou tè a kòmsi nou va dènye jenerasyon anvan lapokalips
Bò lakay. Gen plizyè pawòl granmoun ki ale nan menm sans lan. Egzanp: « evite miyò pase mande padon » oswa ankò « prekosyon pa kapon».
Prensip sa marye ak yon lòt prensip jeneral lalwa tout peyi ki di : Enterè kominote a pase anvan enterè patikilye.
Yon ilistrasyon sou prensip prekosyon an : Etan Bwanèf
Ou ka ap fè yon zak de bòn volote epi ou nwi lòt, se pou sa tout pwojè dwe gen yon etid enpak. Letan Bwanèf pase 3 lane sèch. Li te toujou konn :
• Fè jon
• Te gen zwazo
• Te gen kana
• Te gen lapèch.
Sa vle di te gen tout yon seri moun ki tap viv de letan an.
Minstè lagrikilti te vin kapte pi wo rivyè pyat ki te konn alimante letan an, pou fè irigasyon nan zòn ki an amon etan an.(zòn Delije). Anpil tè vin wouze pou moun anwo yo, men moun ki konn viv de letan an tonbe nan mizè. Letan an pase 3lane sèch. Pwojè etid irigasyon an te dwe konsidere kantite dlo etan an bezwen pou l ka toujou ekziste. Pou kèlkeswa pwojè ki gen pou ekzekite, fòk yo fè etid enpak pwojè a sou anviwònman an dabò.
c) Prensip polyè peyè
Moun ki manje pwa, bay lapire oswa chak sa ouf è nan lavi gen konsekans. Ou dwe toujou pare pou pote konsekans zak ou.
Yon ilistrasyon sou prensip Polyè Peyè
Yon konpayi ki pote non British petroleum, tap fè foraj petwòl anba lanmènan golf Meksik. Youn nan tiyo ki tap pote gaz, pete anba lanmè, nan dat 20 avril2010 la. Sa te lakoz :
• 11 travayè pèdi lavi yo plas epi lanmè a te vin anvayi ak vye lwil.
• Mèt lotèl, m,èt plaj revandike dedomajman pou kliyan.
• Pechè pran avoka pou konpayi a akoz aktivite yon ki bese anpil.
• Konpayi a te oblije dedomaje tout moun sa yo epi pran nan kès pou netwaye lanmè a.

d) Prensip reskonsabilite pataje ak patisipasyon ki mezire sou baz kapasite ak pwofi :
Ou kite bourik, wap bat sak pay. Fòk mèt kò veye kò
• Kanadyen an di: yon pè pitit epi lapè.
• Jamayiken an di: pase 2 pitit se depase
• Ayisyen an di : pitit se richès
Koze pitit se richès la pa gen plas li ankò. Se « Pitit ki fòme ki richès ». Kidonk, fòk nou fè pitit selon mwayen nou
e) Prensip enfòmasyon akpatisipasyon:
Pa gen pi bon gadyen pou kòpase mèt kò. Sa ou pa konnen pi gran pase w.
Pou esplike prensip sa a,nou kwè pa gen pi bon mwayen pase twadwi , mo po mo, prensip 10 nan deklarasyon Rio amwa jen 1992 la :
Pi bon fason pou trete kesyon ki gen pou wè ak anviwònman se garanti patisipasyon tout sitwayen ki konsène yo, nan nivo ki pi bon.

Anndan chak peyi, kenpòt endividi dwe kapab jwenn kenpòt enfòmasyon ki gen pou wè ak anviwonman ki nan men otorite piblik yo. Menm enfòmasyon ki gen pou wè ak pwodwi oswa aktivite ki kapab reprezante yon danje pou kominote a, epi endividi sa a dwe gen posibilite pou patisipe nan desizyon ki ap pran sou dosye a.

Leta yo dwe fè yon jan pou enfòmasyon ki konsène anviwònman yo kapab disponib pou fasilite epi ankouraje demach ki ale nan san pou sansibilize piblik la, epi pèmèt li patisipe.
1.1. Moun yo dwe kapab jwenn konkou bò otorite lajistis epi administratif yo pou jwenn reparasyon oswa fèrejije move ka.

05/09/2024

VOKASYON FANMI

Reyalite ak defi fanmi yo(An Ayiti)
Timoun yo pa chwazi paran, frè ak sè yo. Paran pa chwazi pitit. Yon pitit se yon kado nou resevwa. Bondye konfye nou li. Se paran yo ki premye edikatè li, ki pi pre li. Okontrè, jèn yo chwazi zanmi yo epiyo kite yo enfliyanse yo.Timoun yo toujou ap gade sa manman ak papa ap fè pou imite ya. Menm lè yo granmpoun, yo gen tandans fè menm jan ak pitit yo jan yo te konn wè papa ak manman yo te fè. Gen de fwa tou, paran yo pa bay bon egzanp: yo vyolan, yo bwè tafya, yo pa fè sa yo made timoun yo fè. Pi devan, nap blije retounen soukoze edikasyon nan fanmi yo.
Fanmi an dwe yon vrè kominote legliz nan kò kay la; nan men paran yo timoun yo aprann konnen Bondye. Fas Bondye parèt nan fas paran yo. Chak siy lakwa fè paran yo sonje se nan Bondye yo aji. Yo pa pwopriyetè men gadyen.
Edikasyon nan lekòl pa ranplase fanmi yo. Dayè li koute chè( yon lekòl prive nan kapitalla, koute fasilman jiska 1 000 dola ameriken oubyen 100 000 goud pou lane 2021-2022 pou pi piti). Konsa, edikasyon an genyen plizyè vitès. Sa kreye diskriminasyon nan mitan elèv yo. Sa fè distans sosyal nan sosyete a grandi… ansanm ak fristrasyon lakay moun yo ki gen pwoblèm ak jïn yo ki pa gen menm chans. Kòm konklizyon nou blije di: se pa lekòl la ki fè jèn ale oswa pa ale nan gang: anpil chèf gang te jwen yon bon fòmasyon, yo konn òganize epi yo entèlijan.
Ki sa nou menm nou kapab ajoute sou sitiyasyon fanmi yo, sou relasyon fanmi yo ak sosyete a sou gwo defi fanmi yo rankontre?

30/08/2024

Nou rive nan mitan sezon siklòn lan, jan gran konnèsè yo konn dil la soti mitan mwa sektanm lan pou rive kòmansman mwa oktò la la se pral p*k sezon an. se sa ki fè li enpòtan pou rete trè veyatif. li enpòtan tou pou n fè sansibilizasyon pou n sove lavi ak byen.

Sistèm Alèt Prekòs
Nou nan sezon siklòn lan, li enpòtan pou n toujou kenbe n enfòme sou tout kalte prekosyon ke nou kapab pran pou sove lavi avèk byen.
Kounyela, nou pral pale sou sa nou rele sistèm alèt prekòs lokal kote tout moun ladan l (SAP)
Kisa ki yon Sistèm Alèt prekòs ?
• Yon sistèm alèt prekòs se yon ansanm mwayen(resous moun, resous nan òganizasyon, ekipman l adapte,…) nesesè pou mete kanpe ak difize byen rapid alèt ki ap pèmè moun yo, kominote yo ak òganizasyon ki gen malè pandye sou tèt kapab pran mezi ki te prepare anvan ki nesesè ak aji rapid vit pou redwi risk domaj ak pèt nan lavi moun ak byen materyèl.

• Sistèm alèt prekòs la se yon eleman enpòtan pou plan ijans lokalite
Poukisa devlope yon Sistèm Alèt Prekòs lokal kote tout moun ladan ?
 Bezwen espesyal fanmi yo ak moun ki plis vilnerab ( vye granmoun yo, moun andikape yo, timoun,..) nan sistèm alèt yo ak plan evakyasyon yo toujou neglije, bliye oubyen pa adapte

 Pa egzanp, sistèm alèt yo toujou fèt avèk son(Radyo, klòch, megafòn,…) yo pa rive touche moun ki soud yo (egz,. granmoun ki pa tande byen yo) oubyen fanmi ki rete nan kay ki trè lwen legliz yo oubyen chemen lokalite prensipal yo.

 Yon lòt egzanp se pou moun ki gen difiklte pou yo deplase (Kokobe, vye granmoun, timoun) ki bezwen plis tan pou evakye yo avèk oubyen san asistans enben moun sa yo dwe gen priyorite.
Kòman devlope yon Sistèm Alèt prekòs lokal tou moun ladan l?
 Li enpòtan pou chak eleman ki nan sistèm alèt la mete an plas avèk yon apwoch kote tout moun ladan l yon fason pou tout moun konnen pwosedi ak mwayen ki tilize menm moun ki plis vilnerab yo.

 Pou sa rive fèt, fòk reprezantan /moun ki kiandikape, vye granmoun yo kapab gwoup resous yo, pou bezwen fanmi/ moun ki plis vilnerab yo nan lokalite a kapab parèt byen klè.

 Moun andikape yo ak vye granmoun yo kapab patisipe nan sistèm siveyans( koute bilten meteyo yo, siveye nivo dlo a si rivyè a pre kay la)

 Pou difizyon mesaj alèt yo kapab efikas, li nesesè pou drese lis moun/fanmi ki plis vilnerab yo, ki pwoblèm yo genyen, pou yo kapab mete mwayen kominikasyon ki adapte (moun relè,mòd kominikasyon adpte) epi tou idantifye asistasns kap soti deyò si ta evakyasyon.

 Lè gen sesyon fòmasyon sou sistèm alèt lokalite a oubyen sansibilizasyon pou yon pi bon preparasyon familyal, li obligatwa pou gen reprezantan moun ki plis vilnerab yo dwe la. An ka ta gen difikilte yo pa ka la, moun ki sèvi relè yo dwe idantifye pou vizite ak asiste fanmi vilnerab pou amelyore nivo preparasyon fanmi yo ak reyaksyon yo si gen alèt ak evakyasyon (egz. Plan ijans damilyal)

 Pou fini, li enpòtan pou tout moun ki plis vilnerab yo ak moun ki sèvi relè yo gen priyorite pou patisipe nan egzèsis similasyon yo.
 Sa ap pèmèt nou teste sistèm difizyon alèt ki adapte ak prevwa pou chak grenn moun /fanmi,preparasyon kit ijans ki korèk( estòk medikaman espesyal)
 Sa ap pèmèt nou teste tou sipò chak grenn moun nan moun relè ki te idntifye anvan, pou evakye moun kokobe yo, vye granmoun yo timoun piti yo,… pou rive nan kote pou evkye moun ki te idantifye anvan.
4 Eleman ki nesesè nan Sistèm Alèt Prekòs local kote tout moun ladan l se:
 Konesans ak analiz risk yo/ oubyen menas la(menas/ vilnerabilite / kapasite)
 Mete kanpe pwosedi siveyans ak alèt lokal.
 Mete kanpe sistèm ak mwayen ki adapte ki efikas pou difize ak kominike alèt.
 Ranfòse kapasite reyaksyon moun yo oubyen fanmi ki konsène.
Enpòtan
Si youn nan eleman yo pa fonksyon ne korèkteman , sistèm Alèt kote tout ladanl pap operasyonèl

1: Konesans ak analiz risk yo
Pou konplete enfòmasyon ki te kolekte lè n tap evalye vilnerabilite yo kapasite katastwòf ki te reyalize nan kominote a, etap sa a ap pèmèt konfime / kolekte enfòmasyon ki gen pou wè ak sistèm alèt ki te egziste ou non.
 Raple tout gwo menas natirèl ki pandye sou tèt kominote a (nati menas la, frekans, entansite, peryòd,…)

 Sou baz kat risk yo ki elabore pou lokalite a, idantikasyon fanmi yo/moun ki plis ekspoze a risk natirèl yo (egz. Zòn a risk inindasyon, kay ki vilnerab fas ak gwo van.
 Idantifikasyon fanmi yo/ moun ki plis vinerab yo (moun andikape, vye granmoun, fanmi ki gen sèl paran yo avè timoun…) ak moun ki plis ekspoze ak risk natirèl yo ki te idantifye anvan, epi ki bezwen yon asistans patikilye an ka alèt oubyen evakyasyon.
 Pou chak gwo menas kit e idantifye anvan, idantifye pwosedi siveyans oubyen nivo alèt, mwayen pou difize alèt ki déjà egziste ou non, ak kapasite pou chak manm nan kominote a kapab reyaji kòrèkteman nan tan ki te prevwa. ( pou fasilite idantifikasyon sa a, ale nan etap 2, 3 ak 4)
2- Pwosedi pou siveyans ak alèt ?
 An fonksyon menas la, genyen diferan pwosedi siveyans ak nivo alèt posib.
 Pa egzanp pou menas siklòn lan, se sèvis meteyo peyi a ki reyalize siveyans lan ak nivo alèt yo ke yo transmèt bay komite yo ak DPC (Direction de la Protection civile) ak radyo. Konsa tou, depi yo konnen gen yo alèt siklòn sou kominote a, yon chenn alèt mesaj la dwe releye bò kote tout manm kominote a, sitou bò kote fanmi kip a gen mwayen kominikasyon ki fyab ( pa gen radyo, pwoblèm kouvèti rezo telefòn, elt.)
 Pou sa ki konsènen menas inondasyon an, mwayen siveyans ki kapab privilejye kapab diferan. Se koute souvan previzyon meteyo nan radyo men tou siveyeans kapab fè nan obsève nivo dlo nan rivyè a .
Kesyon sa yo kap vini la yo pral gide kominote a nan kolekte enfòmasyon yo, refleksyon ak solisyon ki plis petinan yo ak adapte pou mete sou pye.
 Eske gen pwosedi lokal siveyan(relve nivo dlo rivyè a pa egzanp, kiyès kap koute enfòmasyon meteyowolojik yo,…). Si wi eske yo fonksyonèl ? Si non, kòman w ka amelyore yo ?
 Eske gen pwosedi alèt ki gen definisyon definisyon/konesans nivo alèt ak aksyonki apwopriye chak nivo alèt yo(inondasyon, siklòn,… ) Si wi eske yo fonksyonèl ? Si non, kòman w ka amelyore yo ?
3- Difizyon ak kominikasyon alèt la
 Mekanis pou difize ak kominike alèt la genyen kòm objektif pou mte tout moun klè chenn alèt la ak mwayen pou transmèt alèt la bay moun ki konsènen yo yon fason poul kapab plis efikas posib.
 Mwayen kominikasyon yo ak difizyon mesaj kap itilize yo dwe senp, klè ak aksesib pou tout manm nan kominote a, sitou pou moun ki plis vilerab yo(egz : an fonksyon ak mankman kèk moun : itilize pano afichaj, drapo, sirèn, klòch, vizit pòtapòt).
Kesyon sa yo kap vini la yo pral gide kominote a nan kolekte enfòmasyon yo, refleksyon ak solisyon ki plis petinan yo ak adapte pou mete sou pye.
 Eske gen yon chèn alèt kominote an plas ? Kòman l fonksyone ? Eske l efikas ? Wi /Non ? Poukisa ? Kòman l ka amelyore ?
4 –Kapasite reyaksyon moun yo /fanmi yo nan lokalite a.
 Yon fwa tout mekanis aak siveyans local, nivo aèt yo klè, epi mekanis difizyon akominikasyon yo operasyonèl, li enpòtan pou enfòme/ sensibilize/ teste/ evalye kapasite reyaksyon moun yo/fanmi yo nan lokalite a.

 Si tout fwa, manm nan kominote a pa aji kòrèkteman nan tan ki difini pou chak nivo alèt yo ki bay yo, risk pou pèdi moun ak mteryèl ap rete menm jan.
 Li nsesè pou gwoup resous nnan lokalite a òganize kanpay sanbilizasyon ak konesans sou sistèm alèt prekòs ki mete sou pye pou chak tip menas bò kote tout manm nan kominote a, sitou bò kote moun /fanmi ki plis vilnerab yo, epi ki plis ekspoze a risk yo.
 Li se reskonsabilite tou gwoup resous la pou l enfòme tout nouvo fanmi/ moun ki fenk vini nan lokalite a, sou zòn a risk yo (kat risk) , sistèm alèt ki an plas pou chak menas, kolekte enfòmasyon sou fanmi (moun ki vilnerab/bezwen espesyal), mete kanpe plan ijans nouvo fanmi sa a.
 Epi nan yon dezyèm tan, verifye kapasite ak tan reyaksyon fanmi/ moun sa yo nan egzèsis similasyon regilye.
Kesyon sa yo kap vini la yo pral gide kominote a nan kolekte enfòmasyon yo, refleksyon ak solisyon ki plis petinan yo ak adapte pou mete sou pye.

 Eske tout manm nan kominote a te enfòme sou enpòtans pou genyen yon sistèm alè an plas ? Afin de tester les systèmes d’alerte précoce inclusif mis en place localement pour chaque type d’alea , il est important d’organiser des exercices de simulation réguliers.
 Pour le premier exercice de simulation , il est possible de prévenir les membres de la communauté puis , dans un deuxième temps , en refaire un sans prévenir les membres de la communauté a l’avance afin de confirmer l’ efficacité du SAP en cas d’ alerte réelle.
 Après chaque exercice de simulation, la communauté doit évaluer les systèmes et les améliorer pour résoudre les problèmes qui ont été identifiés, notamment vis-à-vis des personnes / Familles les plus vulnérables et les plus exposées aux risques
 Eske yo te esplike ke tout manm nan kominote a sistèm alèt lokal la( kilè, kòman, kiyès,…), sitou moun/ fanmi ki plis vilnerab yo ? Si wi kilè epi kòman ?
 Eske manm nan kominote konnen ki sa yo dwe fè lè yo bay alèt la. (pwoteje byen yo, chemen ak kote yo ka refijye/ evakye.),
 Eske chak manm/ fanmi nan kominote a konnen enpòtans pou genyen yo plan ijans familyal ak yon kit dijans.
Kòman teste yon sistèm alèt prekòs lokal kote tout moun ladan l ?
 Pou kapab teste sistèm alèt prekòs kote tout moun ladan l ke moun nan lokalite te mete kanpe, pou chak tip menas, li enpòtan pou n òganize egzèsis similsayon regilye.
 Pou premye egzèsis similasyon an, li posib pou fè manm kominote akonnen a lavans, nan yon dezyèm tan, ou refè l san w pafè konnen a lavans pou kapab konfime si SAP(Sistèm Alèt Prekòs) efikas pou si ta gen yon alèt tout bon.
 Apre chak egzesis similasyon, kominote a dwe evalye sistèm lan epi amelyore l pou rezoud pwoblèm ki te idantifye yo, sitou pou moun /fanmi plis vilnerab yo epi ak sa ki ekspoze a risk yo.

1- Chanjman Klimatik, Kisa li ye?Chanjman Klimatik la se yon bann chanjman rapid pandan yon bout tan, ki pat konn fèt an...
21/08/2024

1- Chanjman Klimatik, Kisa li ye?
Chanjman Klimatik la se yon bann chanjman rapid pandan yon bout tan, ki pat konn fèt anvannan klima a. Ou ka mezire chanjman sa yo pa rapò ak chanjman tamperati a, Chanjman nan kantite lapli ki tonbe nan peryòd lapli yo, chanjman nan van ki ap soufle yo ak chanjman nan lòt evènman ki kapab repete souvan tankou nan inondasyon, glisman teren, siklòn, elatriye…

2- Kisa ki lakoz Chanjman Klimatik la?
Se depi nan lane 1750 afè chanjman klimatik la vin klè nan tèt tout moun akoz yon konsantrasyon gaz ak efèdsè (GES) ki te vin pi plis nan atmosfè a. ogmantasyon sa a se sitou aktivite moun ki bay li tankou :
Jan yo sèvi ak matyè ki soti nan latèki bay enéji yo (petwòl, gaz natirèl, min, chabon (lignite) elt) ;
Jan yo sèvi ak tè a: debwazman ak destriksyon forè.
Se gwo izin kap pouse lafimen, se vwati kap boule gazolin ak diezèl, se pwodwi chimik nou itilize nan agrikilti; se sa yo ki prensipal koz la.
Konsa apre dezyèm gè mondyal la, avek revolisyon endistriyèl la konsantrasyon GES yo tankou: CO₂, CH₄, CFC ak N₂O nan atmosfè a ogmante.

2.1- Kisa nou rele Gaz a efèdsè?
Gaz a efèdsè se yon seri gaz ki absòbe reyon enfrawouj ki soti nan sifas tè a ki al frape nan kouch ozòn nan. Yo fonksyone tankou yon sè ki antoure ak vit : vit sè a kite reyon solèy la rantre ak tout chalè l, men li anpeche chalè resoti, konsa anndan sè a cho kou dife, se konsa gaz sa yo moute tanperati atmosfè a. Prensipal Gaz a efdsè yo prezante nan tablo sa a.
Gaz a efèdsè Ki kote yo soti
Gaz Kabonik CO₂ (83,85%) Nan endistr ikap itilize petwòl, esans, bwa ak gaz natirèl
Metàn CH₄ (8.6%) Nan agrikilti sitou nan elvaj bèf

Nitrit N₂O Nan endistri ak nan gade bèt

Klowo- flioro-kabòn CFC (2.2%) Nan endistri ki pwodwi aparèy tankou klimatizè, refrijeratè ; nan spre kap flite yo

2.2- Efedsè natirèl

tankou yo di li a, efèdsè a se yon chenn operasyon ki fèt pou kont yon apre lòt. Li pèmèt gen bon jan tanperati. San fenomèn sa a, tanperati a tap -18 epi lavi a tap preske enposib. Kòman fenomén enpòtan sa a rive sou planèt nou an? Nou ka di senpleman sòl? Nou ka di senpleman solèy voye yon kantite reyon sou tè a.
a) Sou100% reyon sa a solèy la voye, 30% rebonditounen nan espas la, gaz a efèdsè ki nan atmosfè a kenbe 20%, epi 50% rive travèse kouch atmosfè a ale jwenn tè a.

b) Yon ti pati (5%) nan enèji ki te ale sou tè a remoutenan espas la, epi rèsgwo moso a (95%) rete chitav nan GES yoki nan atmofè a pou chofe tanperati a ak sifas tè a. Desen pi ba a bay detay etap ki pi enpòtan nan chenn operasyon efèdsè a.

Avèk pakèt GES kap soti nan aktivite moun ap fè yo, gen plis enèji ankò latè rebay ki rete bloke nan nivo tanperati ba a ak fas tè ; sa ki fè gen gwo ogmantasyon tanperati mwayèn glòb la. Nan ka Ayiti, ant 2040 ak 2069, tanperatia ka ogmante ant 0.7 ℃ degre ak 1.3 ℃ degre sèlsiyis, epi posibilite pou lapli tonbe kapab bese ant 8 rivenan 19% pa rapò ak peryòd 1991-2000.
3- Konsekans Jeneral Chanjman Klimatik la ?
Chanjman klimatik la kapab fè anpil dega sou planèt la, tankou :
Nivo lanmè a kapab vin pi wo ;
Vil ki pre lanmè yo kapab inonde;
Zile yo vin trè vilnerab ;
Fenomèn natirèl yo, tankou: tanpèt, siklòn, ouragan,inondasyon elt… kapab ogmante epi koze anpil pèt sosyal ak ekonomik;
Kapab gen plis sechrès, kapab gen plis ratman dlo, plis pèt nan agrikilti a ak plis konfli ak lamizè;
Tanperati planèt la kapab monte,anpil espès animal sitou zwazo yo kapabkite yon peyi ale nan yon lòt (migrasyon), anpil plantak bèt kapab disparèt (pèt byodivèsite)

14/08/2024

YON TI PAWÒL SOU SIKLÒN

Nou te defini siklòn: se gwo van ak gwo lapli ki ka lakoz rivyè desann,inondasyon, deboulonnay tèak glisman teren kote wap viv la. Epi se lanmè moute ak gwo vag. Siklòn yo klase dapre fòs van yo an 3 kategori:
Depresyon twop*kal,
Tanpèt twop*kal,
Ouragan.
Nou te defini ouragan: se gwo van siklòn ki rive osinon ki depase 118 kilomèt alè. EchèlSaffir-Simpson nan genyen 5 nivo pou fè klasman ouragan yo dapre fòs van yo.

SIKLÒN KATEGORI 1
TI KATEGORI. Gwo van siklòn yo soti nan 118 rive 153 kilomèt alè. Siklèn sila a ka lakoz ti dega sou pye bwa ak ay mobil osinon ki mal bati. Pap gen gwo dega sou kay ki solid. Dlo ka moute kouvri wout ki ba, bò lanmè. Ti batiman ka kase kòb yo.

SIKLÒN KATEGORI 2
TI KATEGORI MWAYEN. Gwo van siklòn yo soti nan 154 rive 177 kilomèt alè. Siklòn sila ka lakoz gwo dega sou plant; kèk pye bwa ka derasinen epi tonbe. Kay ki sou wout van epi ki mal bati sibi gwo dega, sitou twati yo, fenèt ak pòt. Antèn televizyon, chatodlo pano solè rache. Dlo monte kouvri wout ki bè lanmè ak wout ki ba. Kouri kite kay ki bò dlo ak nan zòn ki bay yo.

SIKLÒN KATEGORI 3
KATEGORI GRAV. Gwo van siklòn yo soti nan 178 rive 209 kilomèt alè. Siklòn sila ka lakoz plant yo ak anpil pye bwa tonbe ak gwo dega sou twati kay yo, pòt ak fèt yo. Kay ki mal bati ak kay ki mobil yo. Vag lanmè monte byen wo epi gwo dega fèt sou waf, pon ak pò yo. Dlo monte koupe menm wout ki pa pre kòt yo. Tout moun ki rete nan kay ki bò dlo yo dwe deplase.

SIKLÒN KATEGORI 4
KATEGORI GRAV ANPIL. Gwo van siklòn yo soti nan 210 rive 248 kilomèt alè. Siklòn sila ka lakoz tout plant fin tonbe atè, kokenn chenn dega sou twati kay, pòt ak fenèt. Anpil kay kraze nèt. Dlo kouvri tè ki byen wo pase nivo lanmè a. Li ka rive jiska 10 kilomèt pi lwen kòt yo. Dlo kòmanse kouvri pi fò wout, anvan men siklòn nan rive. Tout moun nèt oblije kite tout kay ki bati a yon distans rive 3 kilomèt bò dlo.

SIKLÒN KATEGORI 5
KATEGORI GRAV NÈT. Gwo van siklòn yo soufflé pou piti 249 kilomèt alè. Siklòn sila ka lakoz pa preske gen anyen ki ret kanpe. Tout moun nèt oblije deplas kite tout kay ki bait a yon distans rive 5 kilomèt bò dlo.

01/08/2024

Sistèm Alèt Prekòs
Nou nan sezon siklòn lan, li enpòtan pou n toujou kenbe n enfòme sou tout kalte prekosyon ke nou kapab pran pou sove lavi avèk byen.
Kounyela, nou pral pale sou sa nou rele sistèm alèt prekòs lokal kote tout moun ladan l (SAP)
Kisa ki yon Sistèm Alèt prekòs ?
• Yon sistèm alèt prekòs se yon ansanm mwayen(resous moun, resous nan òganizasyon, ekipman l adapte,…) nesesè pou mete kanpe ak difize byen rapid alèt ki ap pèmè moun yo, kominote yo ak òganizasyon ki gen malè pandye sou tèt kapab pran mezi ki te prepare anvan ki nesesè ak aji rapid vit pou redwi risk domaj ak pèt nan lavi moun ak byen materyèl.

• Sistèm alèt prekòs la se yon eleman enpòtan pou plan ijans lokalite
Poukisa devlope yon Sistèm Alèt Prekòs lokal kote tout moun ladan ?
 Bezwen espesyal fanmi yo ak moun ki plis vilnerab ( vye granmoun yo, moun andikape yo, timoun,..) nan sistèm alèt yo ak plan evakyasyon yo toujou neglije, bliye oubyen pa adapte

 Pa egzanp, sistèm alèt yo toujou fèt avèk son(Radyo, klòch, megafòn,…) yo pa rive touche moun ki soud yo (egz,. granmoun ki pa tande byen yo) oubyen fanmi ki rete nan kay ki trè lwen legliz yo oubyen chemen lokalite prensipal yo.

 Yon lòt egzanp se pou moun ki gen difiklte pou yo deplase (Kokobe, vye granmoun, timoun) ki bezwen plis tan pou evakye yo avèk oubyen san asistans enben moun sa yo dwe gen priyorite.
Kòman devlope yon Sistèm Alèt prekòs lokal tou moun ladan l?
 Li enpòtan pou chak eleman ki nan sistèm alèt la mete an plas avèk yon apwoch kote tout moun ladan l yon fason pou tout moun konnen pwosedi ak mwayen ki tilize menm moun ki plis vilnerab yo.

 Pou sa rive fèt, fòk reprezantan /moun ki kiandikape, vye granmoun yo kapab gwoup resous yo, pou bezwen fanmi/ moun ki plis vilnerab yo nan lokalite a kapab parèt byen klè.

 Moun andikape yo ak vye granmoun yo kapab patisipe nan sistèm siveyans( koute bilten meteyo yo, siveye nivo dlo a si rivyè a pre kay la)

 Pou difizyon mesaj alèt yo kapab efikas, li nesesè pou drese lis moun/fanmi ki plis vilnerab yo, ki pwoblèm yo genyen, pou yo kapab mete mwayen kominikasyon ki adapte (moun relè,mòd kominikasyon adpte) epi tou idantifye asistasns kap soti deyò si ta evakyasyon.

 Lè gen sesyon fòmasyon sou sistèm alèt lokalite a oubyen sansibilizasyon pou yon pi bon preparasyon familyal, li obligatwa pou gen reprezantan moun ki plis vilnerab yo dwe la. An ka ta gen difikilte yo pa ka la, moun ki sèvi relè yo dwe idantifye pou vizite ak asiste fanmi vilnerab pou amelyore nivo preparasyon fanmi yo ak reyaksyon yo si gen alèt ak evakyasyon (egz. Plan ijans damilyal)

24/07/2024

Bulletin météo du Mercredi 24 Juillet 2024
Valable jusqu’au 26 Juillet 2024
Situation synoptique dans la Caraïbe et sur l'Atlantique
Deux creux de surface situés respectivement sur la partie Sud de la République d’Haïti et au Sud-Est de Cuba renforcent légèrement l’humidité de la masse d’air sur les parties centrale et occidentale des grandes Antilles aujourd’hui. Des averses de pluies faibles à modérées parfois orageuses ainsi que des rafales de vents par moment sont à cet effet prévues sur plusieurs départements d’Haïti en après-midi et en soirée.
Prévision pour Haïti
• Ensoleillé et venteux avec possibilités de rafales par endroits en journée ;
• Nuageux en fin d’après-midi et en soirée ;
• Forte sensation de chaleur tout au long de la journée et en soirée ;
• Tmax comprise entre 34 à 38 degrés Celsius ;
• Tmin comprise entre 22 à 26 degrés Celsius ;
• Des averses de pluies faibles à modérées parfois orageuses sont possibles dès le début de l’après-midi sur certains quartiers de la Grand-Anse, du Sud-Est et du Nord-Est. Ces averses devraient gagner les autres départements en fin d’après-midi et en soirée.
Avis de Vague de Chaleur
Par rapport à la vague de chaleur qui sévit sur le pays depuis quelques jours et jusqu’à maintenant, l’UHM demande à la population :
• De se protéger avec des vêtements appropriés (amples, légers et de couleur claire…) ;
• De rester hydratée et d’être attentive aux symptômes du malaise dû à la chaleur ;
• De vérifier que les proches surtout les enfants et les personnes âgées vont bien ;
• Enfin, de surveiller les mises à jour des bulletins météorologiques.
Tendance pour les deux prochains jours:
Jeudi & Vendredi : Le rapprochement d’une nouvelle Onde Tropicale de la partie Est de l’île d’Haïti s’ajouterait aux phénomènes locaux afin de générer des averses faibles à modérées sur plusieurs départements d’Haïti, particulièrement sur certaines zones de la Grand-Anse, des Nippes, du Nord, du Nord-Est, du Nord-Ouest, de l’Ouest et de l’Artibonite en après-midi et en soirée.
Prévision pour Port-au-Prince et ses environs
• Ensoleillée et venteux avec possibilités de rafales en journée ;
• Nuageux en fin d’après-midi et en soirée ;
• Forte sensation de chaleur tout au long de la journée et en soirée ;
• Tmax : 37 degrés Celsius & Tmin : 22 degrés Celsius ;
• Quelques gouttes de pluies et certains coups d’orages ne sont pas à exclure en fin d’après-midi et en soirée, notamment sur les reliefs.
Lever & coucher du soleil pour Port-au-Prince
Mercredi 24 Juillet Lever : 06h25mn Coucher :19h26mn
Jeudi 25 Juillet Lever : 06h25mn Coucher :19h25mn
Vendredi 26 Juillet Lever : 06h26mn Coucher :19h25mn

Matino TOUSSAINT : Prévisionniste au CNM
Bulletin météo Marine du Mercredi 24 Juillet 2024
Valable jusqu’au 25 Juillet 2024.
PRÉVISIONS MARITIMES:

Zone côtière Nord
Mercredi & Jeudi
 Vent de Nord-Est : 15-25 nœuds ;
 Hauteur des vagues : 7 pieds ;
 Mer agitée à la côte et au large ;
 De la prudence est conseillée aux navigateurs sur le littoral et au large.

Golfe de la Gonâve
Mercredi & Jeudi
 Vent de secteur Est à Est-Sud-Est avec un passage Nord-Ouest en fin d’après-midi et en soirée : 10-20 nœuds ;
 Hauteur des vagues : 4-6 pieds ;
 Mer peu agitée sur le littoral et agitée au large ;
 Les navigateurs sont invités à faire preuve de prudence au large.

Zone côtière Sud
Mercredi & Jeudi
 Vent majoritairement d’Est : 15-25 nœuds ;
 Hauteur des vagues : 7-9 pieds ;
 Mer agitée à la côte et forte au large ;
 Les navigateurs sont invités à faire preuve de prudence sur le littoral et doivent surtout éviter toute aventure au large.

Matino TOUSSAINT : Prévisionniste au CNM

NB : Une mise à jour se fait toutes les 6h dans le bulletin.

Adresse

47, Rue Notre Dame
Port-de-Paix

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 04:00
Mardi 08:00 - 04:00
Mercredi 08:00 - 04:00
Jeudi 08:00 - 04:00
Vendredi 08:00 - 04:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Commission Épiscopale Caritas Diocésaine de Port de Paix publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Commission Épiscopale Caritas Diocésaine de Port de Paix:

Partager