11/04/2024
Nan dènye jou sayo, tamaren tout kote. Ji tamaren sou tout tab. Tout madan marye ap bay mesye a ji tamaren.
jan yo te konn ap imilye tamaren, konsiderel tankou manje kochon menm kochon te konn ap fè stil sou li kounya tamaren ap sove vi , tamaren ap vann nan makèt, nan lavi fòw pa dekouraje
Ebyen nou menm Union sans frontière nou wèl enpòtan poun vin moutrew enpòtans fwi sa, ki lè pouw pa bwè e kijan pou fè ji an paske gen anpil ji tamaren si deyò an 😁, pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans
Tamaren gen:: Miniwo tankou "calcium, Fer, Phosphore, Sodium, potassium.. Vitamine B1, B2, B11, PP ak vitamine C. Ligen :Pectine, s*k, acide organiques el gen sèl, ligen acide tartriques el gen bitartre potassium.."
- Ligen lwil tankou limonène, géraniol. kòs tamaren an menm se tèt chaje. Tamaren gen fibre, grès , proteyin,. Yo itilize tamaren anpil nan kwizin, e tamarin nan anpil prodwi kosmetik wap itilize.
YON TI ISTWA DE TAMAREN
-Tamarin soti an afrik men li prezan nan karayib la, nan sid azi, e nan sid amerik.. Tamaren gon lòt non "datte des indes"" afriken yo pat tro konn valè tamarin, ebyen se chinwa ak endyen ak Arab yo ki vin ap fè mèvèy ak tamaren... Pye a rele tamarinier li pouse nan zòn tropikal
Men kisa tamaren fè pou ou.
-tamaren edew fè dijesyon.
- tamaren ede moun kigen balonnman, dyare.
-tamaren bon pou moun kigen bronch fèb gras a "antioxydant" ki nan li an
-tamaren ede selil yo mwens vyeyi
-tamaren soulaje gòj fèmal
-tamaren rezoud problèm po men sepa lèw bwèl
-Tamaren ede moun kont fyèv
- moun kigen problèm nan jansiv, nan dan.. Kafè dlo bouch a tamaren.
- yo fè konfiti ak tamaren, yofè siro ak tamaren...
-yo netwaye vyann ak tamaren
-MEN KIJAN YO FÈ JI AVÈL...
Medam pran kaye pran plim. Nou bay moun twòp ji tamaren siiii🤣
Ou pran tamaren an, ou lavel, ou kalel. Ou mete saw jwenn anndanl lan tranpe nan dlo pròp. Paske se menm dlo sa ki pral fè ji a.
-metel tranpe nan matin siw pral fè ji a nan aprè midi, poul ka byen tranpe..