Cabinet de Consultation et de Formation en Droits de l'Homme

Cabinet de Consultation et de Formation en Droits de l'Homme Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Cabinet de Consultation et de Formation en Droits de l'Homme, Cabinet de conseil, Mais Gâté, Tabarre.

Cette page est dédiée aux publications du Cabinet de Consultation et de Formation en Droits de l'Homme (CCFDH) concernant les avis de formations, de vulgarisations, de prise de position et plus en matière de droits de l'homme.

LITIJ ESTRATEJIKBonjou tout moun, jounen jodi a, nan kad aktivite vilgarizasyon dwa moun Kabinè Konsiltatsyon ak Fòmasyo...
30/05/2026

LITIJ ESTRATEJIK

Bonjou tout moun, jounen jodi a, nan kad aktivite vilgarizasyon dwa moun Kabinè Konsiltatsyon ak Fòmasyon nan dwa moun yo, nou pral pale sou yon konsèp ki fondamantal pa sèlman pou dwa moun yo men tou pou dwa entènasyonal la nan li menm.

Konsèp sila a se "litij estratejik". Nan yon premye moman n ap prezante konsèp la ; apresa, nou pral moutre poukisa ak nan ki sans li gen tout enpòtans sila a nan koze batay pou pwoteksyon dwa moun yo.

Kisa litij estratejik la ye ?

Selon Open Society Justice Initiative, Litij estratejik la se yon litij nou kapab itilize pou fè avanse yon pwosesis chanjman nan domèn jiridik, sosyal oswa nan nenpòt lòt aspè nan domèn dwa moun yo. Toujou selon Open Society, litij estratejik la pa vize yon chanjman imedya. Nan yon sans ki pi senp, nou kapab menm di litij estratejik la se yon fason nou kapab itilize lalwa pou fè presyon sou pouvwa piblik yo pou respekte angajman yo fas ak dwa moun yo oswa pou pwoteje dwa sa yo.

Pou Avoka San Fwontyè Kanada ki travay anpil nan domèn sila a an Afrik epi an Ayiti tou, litij estratejik la vize pwodui yon enpak sosyal pandan l itilize dwa a pandan li mete estrikti jiridik la fas ak responsabililite li. Li ranfòse enstitisyon jidisyè yo pandan l ap soutni devlopman yon lejislasyon ak yon entèpretasyon lalwa ki favorab ak dwa moun yo. Selon Avoka san fwontyè Kanada, Litij estratejik la se yon bon mwayen pou konbat enpinite nan kesyon dwa moun. Nan sans sa a, dosye litij estratejik yo gen 3 efè prensipal : dabò yo kontribye nan ranfòsman sistèm jistis nasyonal la, ansuit yo atenye entimidasyon ak koripsyon nan koze dwa moun yo epi alafen yo pwodui yon refleksyon sosyal pandan y ap patisipe nan konstriksyon memwa istorik kolektiv la.

Poukisa litij estratejik la gen anpil enpòtans nan batay pou dwa moun yo ?

Litij estratejik la gen anpil enpòtans nan batay pou pwoteje dwa moun yo paske li kapab sèvi kòm yon mwayen pou sosyete sivil la fè presyon sou Leta a pou li respekte angajman li an favè dwa moun yo. Lòt aspè enpòtan nou kapab konsidere, litij estratejik la se yon fason pou atire atansyon plis moun sou yon pwoblematik nan kesyon dwa (moun). Nan anpil ka, objektif moun ki pote aksyon an se pa jwenn yon desizyon lajistis men se pito atire atansyon plis moun sou pwoblematik la, se sanzibilize opinyon piblik la.

Kontinye suiv nou, renmen, kòmante epi pataje piblikasyon nou yo. Envite zanmi ou yo suiv nou tou pou n aprann plis ansanm sou dwa moun yo.

Si n bezwen yon konsiltasyon, yon fòmasyon, lanse yon pwojè oswa mennen yon ankèt sou dwa moun, ale nan pwofil nou pou jwenn enfòmasyon k ap pèmèt ou kontakte estaf nou.

Mèsi.

24/05/2026

The internships are an opportunity for professional development and insight into the Inter-American System for students and graduates with an interest in .

⏰✍️Learn about the program and apply until may 29.

Find out more here and apply 👉 https://bit.ly/3golxQt

Dwa pou moun viv (droit à la vie), kisa sa vle di ? Kisa l enplike ?Jodi a nan yon kontèks kote anpil manm nan popilasyo...
12/05/2026

Dwa pou moun viv (droit à la vie), kisa sa vle di ? Kisa l enplike ?

Jodi a nan yon kontèks kote anpil manm nan popilasyon nan laplèn ap tonbe anba bal malfektè ki gen zam nan men yo anba tou je Leta san anyen pa fèt pou kanpe sa, li enpòtan pou n fè yon ti refleksyon sou yon dwa moun ki fondamantal, ki se dwa pou moun viv la, sa nou rele nan lang franse « droit à la vie » a.

Jan nou te di sa nan pòs avan yo, tout dwa moun yo egal, yo soude youn ak lòt epi yo pou tout moun. Sa pa anpeche gen aksan ki mete sou kèk dwa pa rapò ak nati yo, plas yo jwe nan lavi moun, dwa sa yo fòme sa yo rele nwayo di dwa moun yo. Pami dwa sa yo, nou jwenn dwa pou moun viv la.

Nan manman lwa peyi dAyiti, atik 19 la di Leta genyen yon gwo obligasyon pou li pwoteje dwa pou moun viv la. Nan sans sa a, se yon devwa Leta a pa ka mete sou kote. Poutan, depi plizyè ane, sa k ap pase anba je nou nan peyi a kapab pouse n poze tèt nou kesyon èske moun k ap jwi avantaj nan Leta a konnen gen yon konstitisyon, nou pa menm bezwen mande si yo konnen kisa l prevwa menm.

Nan premye alineya atik 6 Pak entènasyonal dwa sivil ak politik yo, li di klè dwa pou moun viv la se nannan moun li ye. Nan sans sa a, pèsonn pa dwe eseye anpeche okenn moun jwi dwa sila a nan kondisyon lalwa pa prevwa. Li fè Leta yo obligasyon pou yo mete lwa ki pou pwoteje lavi moun, ki pou garanti dwa pou viv la.
Si n voye je n nan konvansyon amerikèn dwa moun yo, nan kòmansman atik 4 la, li di nou tout moun dwe jwi respè dwa pou yo viv, e respè dwa sa a dwe kòmanse depi nan konsepsyon lavi moun nan, sa vle di depi li nan vant manman li. Yon ti kras pi lwen, li entèdii peyi ki te deja aboli chatiman lanmò a (peine de mort) pou retabli li. Ajoute sou sa, li detèmine kondisyon ki estrik kote chatiman lanmò a ka aplike nan peyi kote yo toujou ap pratike li. Mete sou sa, li fè Leta yo obligasyon pou ankete sou tout ka lanmò ki sispèk.

Nan limyè atik 2 Konvansyon Ewopeyèn Dwa moun yo, nou kapab di dwa pou moun viv la se yon dwa ki vize pwoteje tout moun kont lanmò abitrè, sa vle di lanmò ki fèt nan kondisyon lalwa pa t prevwa. Nan sans sa a nou ka di, toujou nan lespri konvansyon an, Leta genyen yon obligasyon negativ, sa vle di li pa dwe touye epi l gen yon lòt obligasyon pozitiv, sa vle di li dwe anpeche lòt moun touye, nan yon mo ki senp, li dwe pwoteje lavi.

Si n chita sou previzyon konvansyonèl ak konstitisyonèl pi wo yo, nou kapab konprann moun ki nan tèt Leta a, kidonk Leta a nan li menm, pa janm sispan manke ak obligasyon li pou l pwoteje dwa moun genyen pou yo viv (nan diyite). Nan sans sa a, li se yon obligasyon pou popilasyon an, sosyete sivil la ak tout lòt aktè ki ap travay nan koze dwa moun yo fè yon sèl vwa pou leve kanpe pou fòse Leta a respekte epi pwoteje dwa tout moun genyen pou yo viv paske san lavi, jwisans tout lòt dwa yo enposib.

𝐊𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮, 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧, 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞, 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨. 𝐄𝐧𝐯𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮 tou 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨.
𝐒𝐢 𝐰 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐥𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐥𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐣𝐞̀ 𝐨𝐬𝐰𝐚 𝐦𝐞𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧𝐤𝐞̀𝐭/𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧, 𝐚𝐥𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐟𝐢𝐥 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐞𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐤 𝐞𝐬𝐭𝐚𝐟 𝐧𝐨𝐮.

La   exprime sa préoccupation face à la persistance de la violence en   et à la mort de citoyens lors d’opérations menée...
01/05/2026

La exprime sa préoccupation face à la persistance de la violence en et à la mort de citoyens lors d’opérations menées par drones.

👉🔗📰https://ow.ly/AebJ50YTz0i

La exprime sa préoccupation face à la persistance de la violence en et à la mort de citoyens lors d’opérations menées par drones.

👉🔗📰https://ow.ly/AebJ50YTz0i

1e me, fèt travay ak agrikiltiNan peyi nou, chak premye me, nou fete fèt travay ak agrikilti. Nou p ap antre nan deba po...
01/05/2026

1e me, fèt travay ak agrikilti

Nan peyi nou, chak premye me, nou fete fèt travay ak agrikilti. Nou p ap antre nan deba pou chache konnen si travay ak agrikilti gen yon diferans ni nan ki nivo diferans la ye. Nan kad jounen fèt travay ak agrikilti jodi a, n ap mete fokis sou travay antanke dwa moun.

N ap kòmanse pou n di ankò travay se yon dwa moun. Yon dwa nou genyen pou n kapab repwodui tèt nou antanke moun, viv nan diyite epi reponn ak obligasyon nou. Nan sans sa a, Leta genyen devwa m pou l degaje l kou mèt janjak pou sitwayen yo kapab jwi dwa sa a san okenn kontrent. Kounya, nou ka mande tèt nou kote obligasyon sa a soti pou Leta.

San n pa ekri twòp bagay, premye kote n pral jwenn dwa sa a se nan atik 35 ak sa k vin apre l yo nan konstitisyon peyi a ki fè chak sitwayen obligasyon pou yo chache yon travay yo fè pou yo ka okipe tèt yo ak fanmi yo. Atik 35.2 a bay Leta devwa pou l garanti bon kondisyon travay ak bon jan salè pou tout moun.

Pi devan, lòt kote n pral jwenm dwa moun sa a ki rele travay la se nan Pak entènasyonal dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo epi nan pwotokòl adisyonèl konvansyon amerikèn dwa moun yo, sa n reke Pwotokòl San Salvador a. Nan atik 6 tou 2 dokiman konvansyonèl sa yo, li ekri klè tankou dlo kòk tout moun gen dwa pou yo travay. Nan atik apre yo, tèks sa yo pale sou kondisyon travay, sou koze lijyèn nan travay elatriye.

Si n baze n sou dokiman sa yo sèlman, nou ka konprann koze travay la se yon koze ki fondamantal epi Leta gen yon wòl santral nan sa. Li klè Leta pa ka bay epi Leta pa dwe bay tout moun travay men fòk li kreye bon jan kondisyon pou envestisman prive fèt nan peyi a pou tout moun kapab espere jwenn yon travay oswa kreye yon aktivite ki ka rapòte mwayen ekonomik, pou jenn fi ak jenn gason sispann repete yo fèt tou revoke.

Nan moman jounen 1e me a, an n kontinye mande Leta kreye kondisyon pou ka gen plis travay kreye nan peyi a, an n kontinye goumen pou travay nan peyi nou sispann yon chomaj degize, pou moun k ap travay yo kapab gen yon salè desan epi pou se matyè griz ki prime nan travay.... Lè sa a n a kapab konprann sans epi fete tout bon fèt travay la...

𝐊𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮, 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧, 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞, 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨. 𝐄𝐧𝐯𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮 tou 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨.

𝐒𝐢 𝐰 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐥𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐥𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐣𝐞̀ 𝐨𝐬𝐰𝐚 𝐦𝐞𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧𝐤𝐞̀𝐭/𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧, 𝐚𝐥𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐟𝐢𝐥 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐞𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐤 𝐞𝐬𝐭𝐚𝐟 𝐧𝐨𝐮.

L’EPU est un mécanisme unique qui permet d’examiner périodiquement la situation des droits de l’homme dans les 193 États...
30/04/2026

L’EPU est un mécanisme unique qui permet d’examiner périodiquement la situation des droits de l’homme dans les 193 États membres des Nations Unies. Depuis la première session de l’EPU en avril 2008, tous les 193 États membres ont été examinés à trois rep1rises dans le cadre du premier, second, et troisième cycle de l’EPU. Au cours du quatrième cycle de l’EPU, les États auront à nouveau l’occasion d’énoncer les mesures qu’ils ont prises pour mettre en œuvre les recommandations faites au cours des examens précédents auxquelles ils se sont engagés à donner suite, ainsi que de mettre en évidence l’évolution récente des droits de l’homme dans le pays.

La situation des droits de l’homme au 🇳🇪 sera examinée pour la 4e fois dans le cadre de l’Examen périodique universel du Conseil des droits de l’homme de l'ONU🇺🇳.

🗓️ Lundi 4 mai 2026
🕝 14H30–18H00 (CET)
🏛️ Office des Nations Unies à Genève

Plus d’infos sur cet examen et sa retransmission via webcast dans les liens publiés en commentaires.

https://youtu.be/S3lthAlyvgs?si=87Zvv-MtuKG0CWyxNan dezyèm pati videyo sa a, nou eseye analize mwayen ak aksyon peyi ki ...
28/04/2026

https://youtu.be/S3lthAlyvgs?si=87Zvv-MtuKG0CWyx

Nan dezyèm pati videyo sa a, nou eseye analize mwayen ak aksyon peyi ki te kolonize yo kapab pran pou yo ta jwenn reparasyon ak restitisyon.

Se suit ak videyo ki te pibliye semèn pase a.

𝐊𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮, 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧, 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞, 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨. 𝐄𝐧𝐯𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮 tou 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨.

𝐒𝐢 𝐰 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐥𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐥𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐣𝐞̀ 𝐨𝐬𝐰𝐚 𝐦𝐞𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧𝐤𝐞̀𝐭/𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧, 𝐚𝐥𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐟𝐢𝐥 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐞𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐤 𝐞𝐬𝐭𝐚𝐟 𝐧𝐨𝐮.

2 likes, 3 comments. "ESKLAVAJ SE PI GWO KRIM KONT LIMANITE / KISA HAITI KA FÈ POU JWENN JISTIS AK REPARASYON ?"

Kisa dènye rezolisyon Asanble Jeneral Nasyonzini sou sa ki gen pou wè ak lesklavaj nan mwa mas 2026 la vle di pou Ayiti ...
23/04/2026

Kisa dènye rezolisyon Asanble Jeneral Nasyonzini sou sa ki gen pou wè ak lesklavaj nan mwa mas 2026 la vle di pou Ayiti ? Kijan n kapab esplwate desizyon an sa a ?

Gade premye pati videyo sa a pou n konprann plis.

𝐊𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮, 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧, 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞, 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨. 𝐄𝐧𝐯𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮 tou 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨.

𝐒𝐢 𝐰 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐥𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐥𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐣𝐞̀ 𝐨𝐬𝐰𝐚 𝐦𝐞𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧𝐤𝐞̀𝐭/𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧, 𝐚𝐥𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐟𝐢𝐥 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐞𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐤 𝐞𝐬𝐭𝐚𝐟 𝐧𝐨𝐮.

3 likes, 3 comments. "NAZYONZINI DEKLARE: ESKLAVAJ SE PI GWO GRIM KONT LIMANITE/ KISA SA VLE DI POU HAITI?"

Anpil kote nan depatman Lwès la, vire nan Sidès, pase Plato santral pou al bout Latibonit, nèg ak zam k ap twoke kòn pou...
21/04/2026

Anpil kote nan depatman Lwès la, vire nan Sidès, pase Plato santral pou al bout Latibonit, nèg ak zam k ap twoke kòn pou teritwa anpeche popilasyon an viv. Si n pran ka depatman Lwès la, depi dimanch 19 avril 2026 la, nan Laplèn, se bal k ap chante, se moun k ap mouri, sa k ap kouri kite kay yo, sa kay yo boule elatriye.

Sitiyasyon sa a vin mete lapenn sou mizè moun ki konsène yo ak fanmi yo. Sa pouse n retounen sou piblikasyon n te fè nan semèn pase a kote n t ap eseye gade posibilite ki genyen pou angaje responsabilite Leta pou atent grav ak dwa moun yo gang yo ap komèt nan moman an e depi anviwon 5 lanne san pa gen okenn mezi serye ki pran pou anpeche sa. Èske moun ki viktim yo, fanmi ak zanmi yo kapab rele Leta ki nan peyi dAyiti a lajistis pou yo ka jwenn reparasyon?

Si n ap pran dosye sa a nan nivo nasyonal, tach la difsil oswa menm konplike paske pwosedi a konplèks non sèlman nan nivo aksyon gang yo poze yo men tou nan pwosedi jiridiksyonèl yo. An reyalite, nan nivo nasyonal la, se tribinal premye enstans ki konpetan pou angaje responsabilite Leta a. Nan kontèks jounen jodi a kote dèyè jistis la nan lari, nou kapab sèlman vize yon aksyon nan litij estratejik, sa ki kapab plis gen yon efè moral ak politik pase jiridik.

Si n kite kad nasyonal la, pwòch moun ki viktim yo, asosyasyon ki reprezante moun sa yo elatriye kapab soumèt yon petisyon devan komisyon enteramerikèn dwa moun ki li menm kapab etidye dosye a, gade byen fonde l, pran mezi konsèvatwa pou evite domaj ireparab epi rive menm soumèt li devan lakou enteramerikèn dwa moun, la n kapab gen espwa yon pwosè. Dayè lakou a pran plizyè desizyon deja nan kad dosye ki opoze sèten patikilye ak Leta nan peyi dAyiti ki te vyole dwa moun sa yo pami yo nou ka site ansyen premye minis Yvon Neptune ak militan dwa moun Fleury. Desizyon sa yo disponib sou sit Lakou a pou moun ki ta renmen li yo.

𝐊𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮, 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧, 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞, 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨. 𝐄𝐧𝐯𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮 tou 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨.

𝐒𝐢 𝐰 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐥𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐥𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐣𝐞̀ 𝐨𝐬𝐰𝐚 𝐦𝐞𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧𝐤𝐞̀𝐭/𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧, 𝐚𝐥𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐟𝐢𝐥 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐞𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐤 𝐞𝐬𝐭𝐚𝐟 𝐧𝐨𝐮.

Entèvyou ak Mémoires et SociétésRepons ak Kesyon èske kou enteramerikèn dwa moun yo gen konpetans pou trete krim kolonya...
20/04/2026

Entèvyou ak Mémoires et Sociétés

Repons ak Kesyon èske kou enteramerikèn dwa moun yo gen konpetans pou trete krim kolonyal yo ?

Repons la nan videyo a epi suiv paj la pou w kapab vizyone tout entèvyou a k ap soti san pèdi tan.

𝐊𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮, 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧, 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞, 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐢𝐛𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨. 𝐄𝐧𝐯𝐢𝐭𝐞 𝐭𝐨𝐮 𝐩𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐬𝐮𝐢𝐯 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨.
𝐒𝐢 𝐰 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐢𝐥𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐲𝐨𝐧 𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐥𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐣𝐞̀ 𝐨𝐬𝐰𝐚 𝐦𝐞𝐧𝐧𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧𝐤𝐞̀𝐭/𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐬𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐚 𝐦𝐨𝐮𝐧, 𝐚𝐥𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐟𝐢𝐥 𝐧𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐞𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐤 𝐞𝐬𝐭𝐚𝐟 𝐧𝐨𝐮.

4 likes. "ÈSKE KOU AMERIKÈN DWA MOUN KA EDE PEYI VIKTIM ESKLAVAJ YO NAN AMERIK LA JWENN JISTIS AK REPARASYON?"

Adresse

Mais Gâté
Tabarre
HT6124

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cabinet de Consultation et de Formation en Droits de l'Homme publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager