DriD'Entreprise

DriD'Entreprise Antrepriz sosyal espesyalize nan domèn restorasyon (bote/ gou) e k ap envesti nan devlopman an byennèt moun.

Se gras ak esponnsò tankou nou menm, inisyativ tankou JeniDriD kapab kontinye grandi, rive pi lwen epi touche plis timou...
30/06/2026

Se gras ak esponnsò tankou nou menm, inisyativ tankou JeniDriD kapab kontinye grandi, rive pi lwen epi touche plis timoun ak jèn chak ane.

Nou rekonesan pou disponiblite nou, konfyans nou ak enterè nou montre 6zyèm edisyon pwojè sa a.

Nouvo Jeni Jeni DriD yo!Aprè bèl demonstrasyon konesans ak pèseverans yo, Jepsage Mc-Lance MILIEN - Jeni nMichena VIXAMA...
19/06/2026

Nouvo Jeni Jeni DriD yo!

Aprè bèl demonstrasyon konesans ak pèseverans yo,
Jepsage Mc-Lance MILIEN - Jeni n
Michena VIXAMA - Ti Jeni n
make non yo nan istwa Jeni DriD.

Felisitasyon!
DriD Antrepriz swete nou anpil siksè nan tout pwojè nou yo.

Nouvo Jeni Jeni DriD yo!Aprè bèl demonstrasyon konesans ak pèseverans yo, Widnelson ERILUS - Jèn Sèvo Lò, 2zyèm Jeni nKa...
18/06/2026

Nouvo Jeni Jeni DriD yo!

Aprè bèl demonstrasyon konesans ak pèseverans yo,
Widnelson ERILUS - Jèn Sèvo Lò, 2zyèm Jeni n
Karly Ludentz MISÈRE - 2zyèm Ti Jeni n make non yo nan istwa Jeni DriD.
Felisitasyon!
DriD Antrepriz swete nou anpil siksè nan tout pwojè nou yo.

Nouvo Jeni Jeni DriD yo!Aprè bèl demonstrasyon konesans ak pèseverans yo, Wid-Herline Germima PRIMAS - 3zyèm Jeni nSanca...
18/06/2026

Nouvo Jeni Jeni DriD yo!

Aprè bèl demonstrasyon konesans ak pèseverans yo,
Wid-Herline Germima PRIMAS - 3zyèm Jeni n
Sancadinie Manoah EXIL- Jeni Popilè, Ti Sèvo Lò, 3zyèm Ti Jeni n make non yo nan istwa Jeni DriD.

Felisitasyon!
DriD Antrepriz swete nou anpil siksè nan tout pwojè nou yo.

Jeni DriD se plis pase yon konkou, se yon kominote jèn ki kwè nan konesans, kilti ak ekselans.Nou felisitasyon ankò chak...
15/06/2026

Jeni DriD se plis pase yon konkou, se yon kominote jèn ki kwè nan konesans, kilti ak ekselans.

Nou felisitasyon ankò chak finalis nou yo.
Nou fyè de nou!

Dèyè chak patisipan gen yon kominote k ap ankouraje l.Mèsi ak tout moun ki te fè deplasman an, ki te suiv nou epi ki te ...
13/06/2026

Dèyè chak patisipan gen yon kominote k ap ankouraje l.

Mèsi ak tout moun ki te fè deplasman an, ki te suiv nou epi ki te kontribye nan bèl anbyans ki te make jounen dimanch 7 jen sa.

Konsantrasyon, kouraj ak detèminasyon. Chak kesyon te yon nouvo defi, chak repons te yon opòtinite pou mete konesans yo ...
12/06/2026

Konsantrasyon, kouraj ak detèminasyon.

Chak kesyon te yon nouvo defi, chak repons te yon opòtinite pou mete konesans yo an valè. Finalis yo te bay tout sa yo genyen pou reprezante tèt yo ak kominote yo avèk fyète.

Aprè plizyè mwa preparasyon, 4 semèn defi ak aprantisaj, gran jou a te rive. Finalis Jeni DriD yo te reyini pou yon joun...
12/06/2026

Aprè plizyè mwa preparasyon, 4 semèn defi ak aprantisaj, gran jou a te rive. Finalis Jeni DriD yo te reyini pou yon jounen ki te chaje ak emosyon, konesans ak ekselans.

Men kèk moman depi kòmansman bèl jounen sa a.

Rasanble, vin koute! Nan kad gran final 6zyèm edisyon konkou Jeni DriD la, nou pa sèlman chwazi selebre entèlijans ak ek...
06/06/2026

Rasanble, vin koute!
Nan kad gran final 6zyèm edisyon konkou Jeni DriD la, nou pa sèlman chwazi selebre entèlijans ak ekselans jèn nou yo, men tou, richès eritaj kiltirèl nou. Se pou sa, dimanch sa k ap 7 Jen an, nan gran final konpetisyon sila, n ap genyen kèk pami pi bèl espesyalite gastwonomik ayisyen yo, ki rakonte istwa, tradisyon ak idantite nou kòm pèp, k ap disponib pou konsome.

Ant konesans, kilti, pataj ak animasyon mizikal evènman sa pral yon bèl okazyon pou nou reyafime fyète nou kòm Ayisyen pandan n ap resevwa atis envite nou CHANGO BASTIA, k ap fè pwomosyon pou valè lang ak kilti kreyòl Ayisyen an nan pwodiksyon li yo.

Nou envite tout moun vin viv eksperyans sa avèk nou epi selebre sa ki fè fòs nou: kilti nou, konesans nou, ak jenès nou.

03/06/2026

FIEF Fyè paske nou soutni konkou JeniDriD!

Nan FIEF, nou se yon òganizasyon feminis ki kwe ak tout kè nou ke valorize lang ak kilti kreyol nou an se yon zak rezistans, yon zak diyite. Kreyol la se lang manman nou, lang grann nou, lang tout fanm vanyan ki te pote peyi sa a sou do yo. Defann li, selebre li, se defann eritaj yo tou.

Se poutèt sa nou te chwazi kanpe bò kote Sizyèm Edisyon JeniDRID yon bèl konkou DriD'Entreprise òganize pou bay timoun ak jèn Ayisyen yo yon espas pou yo eksprime tèt yo, briye, epi fyè de sa yo ye.

Nan yon sosyete ki twò lontan devalorize sa ki pa nou, inisyativ tankou Jeni DriD enpòtan anpil. Yo raple jèn nou yo ke lang yo pa yon fwontyè okontrè se yon fòs, se yon pouvwa.

Nou salye Drianca Derice ak tout ekip DRID Entreprise ak anpil respè pou vizyon yo, kouraj yo ak dedikasyon yo. Epi nou voye bra nou ba tout patisipan yo, espesyalman fiti gayan yo!

Ansanm, ann kontinye valorize sa ki defini nou. 💪🇭🇹

_______________________________________________________________________

🌺 FIEF — Fière d'avoir soutenu Jeni DriD !

Chez FIEF, organisation féministe engagée, nous croyons profondément que valoriser notre langue et notre culture est un acte politique et un acte de dignité. Le créole, c'est la voix de nos mères, de nos grand-mères, de toutes ces femmes qui ont porté ce pays sur leurs épaules. Le défendre et le célébrer, c'est aussi défendre leur héritage.

C'est pourquoi nous avons choisi d'être partenaires de la Sixième Édition de Jeni DriD, ce concours organisé par DRID Entreprise qui donne aux enfants et aux jeunes Haïtiens un espace pour s'exprimer, briller et être fiers de qui ils sont.
Dans une société qui a trop longtemps dévalué ce qui nous appartient, des initiatives comme Jeni DriD sont essentielles. Elles rappellent à notre jeunesse que leur langue n'est pas une limite — c'est une force.

Nous saluons chaleureusement Drianca DERICE et toute l'équipe de DRID Entreprise pour leur vision, leur courage et leur dévouement. Nous adressons également nos plus sincères félicitations à tous les participants, particulièrement aux lauréates et lauréats !
Ensemble, continuons à valoriser ce qui nous définit.💪🇭🇹

Adresse

Tabarre

Téléphone

+50937561097

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque DriD'Entreprise publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à DriD'Entreprise:

Raccourcis

Partager