23/05/2025
NÒT AVÈTISMAN POU MERI TYÒT AK LAJISTIS
"Nan chache pwoteje, Nou konn kreye/simen plis latwoublay."
Frè ak sè mwen yo,
Mwen vle pataje yon gwo enkyetid mwen genyen, espesyalman pou mèri Tyòt ak lapolis lokal la. Nou tout konnen enpòtans pou nou pwoteje tèt nou ak sèvi kominote nou, men nou dwe tou asire ke moun nou ap mete z@m nan men yo kapab respekte règ, etik, ak konprann responsablite ki vini avèk pouvwa sila.
Gen kèk moun k ap benefisye de z@m nan men yo ki pa gen ni edikasyon, ni disiplin, ni respè pou lavi moun. Espesyalman youn ki rele tèt li
"MISKADEN"
– yon moun ki montre klèman li pa gen okenn etik ak kontwòl. Si nou kontinye lage z@m nan men jan de moun konsa, nou pa pral pwoteje kominote a nou pral pi mal pase jan nou ye a.
PASKE PA GEN OKENN MOUN SOU TÈ SA KI PRAL DAKÒ YON MOUN ABIZE L PANDAN LAP RETE AP GADE L.
(Mwen pa oblije rakonte ki pase a men, SE TERIB POU an 2025 pou yon nonm panse l se mèt peyi a, li gen z@m li ka fè sa l vle.)
Bref…
MWEN ANKOURAJE MOUN KI RESPONSAB POU BAY OTORIZAZYON POTE Z@M NAN KOMINOTE A POU:
- Fè yon evalizasyon serye, sou moun yo ap bay yo a.
- Mete kontwòl strik, pou asire w ke se moun serye, ki gen bon kondwit, ki kapab jere l.
- Pa kite okenn moun san moral, san respè pou lavi moun, gen z@m nan men yo.
– Paske sa ka mennen nan pi plis vyolans ak DEGA.
Nou vle yon kominote ki an sekirite, men sekirite a pa dwe vin yon pretèks pou bay moun danjere z@m.
Ann aji kounye a anvan twò ta!!
"Pwoteksyon se yon responsablite, pa yon jan pou bay moun ki pa matirize pwòp tèt yo pouvwa."
Si w wè yon move sitiyasyon, pa rete bouch fèmen se pou w di l!
Mwen se FRANÇOIS JEFFERLEY MAX RICHARDSON Yon sitwayen ki renmen kominote li.
Jefferley Max Richardson François