17/05/2025
Apre plizyè lane silans, nou genyon gwo plezi pou n anonse tout popilasyon an, tout jèn,
granmoun, fanatik espò, ke teren espòtif ki sitye nan ''LOKALITE PECHAUD'' dezyèm seksyon komin *Jean-rabèl* ki pote non '' *Parc Jean-Louis* ap
finalman retounen an fonksyon!
Teren sa a se pa nenpòt teren. Li se fwi vizyon, pasyon ak devouman 2 mesye ki te kwè nan chanjman ak devlòpman kominote a , kise : *Jean-Claude Jean-Louis* ki toujou bay sipò li nan tout aktivite kap fèt nan kominote a, Epi lòt la sete *Lucno Julien🕊️* regrete memwa, Se yo menm ki te pran inisyativ, pou te mete tèt yo ansanm, epi travay san pran souf pou te mete teren sa sou pye nan ane 2013.
Travay sa te pote bon jan rezilta, paske se nan menm ane a, yo te òganize premye chanpyona sou teren an, kote ekip *Coeur de lion de Guinaudée* a te chanpyon sou ekip *Victoria de Café paul* la, chanpyona sa a te pote anpil lajwa ak inite nan mitan popilasyon an, paske yo te swaf jan de aktivite sa a nan kominote a.
Malerezman te gen plizyè ane kite pase kote pat gen chanpyona tankou : 2014, 2015 , 2016. Se jis an 2017 yo ta pral rive reyalize dezyèm edisyon chanpyona sila, kote le 7 septanb 2017 ekip *Valencia* te rive fè Final ak ekip *Coeur de lion* an, match sa te fini sou yon eskò nil, men akoz lapli kitap bay problèm, tou 2 ekip yo te arive antann yo, e yo te separe lajan an.
Se Aprè yo te fin oganize dezyèm edisyon chanpyona sou teren an, katòz (14) jou sèlman aprè chanpyona a *''Lucno*'' ta pral mouri. Lokalite a pat pèdi yon senp moun, men sete yon lidè, yon vizyonè, yon poto mitan, yon motè ki te kwè nan jèn yo, ki te kwè nan espò kòm zouti pou chanjman sosyal. Depi aprè lanmò li, teren an te tonbe nan grangou aktivite, pat gen oken lòt match, oken chanpyona, pa menm yon rasanbleman espotif. Se tankou
lavi te sispann sou teren sa.
Men jodi a, 2025, gen espwa ki leve ankò paske gen Yon gwoup jèn ki deside mete tèt yo ansanm pou bay teren sa lavi ankò, yo mobilize, epi yo pran tout dispozisyon nesesè pou mete teren an ajou, pou netwaye li, ranje sa ki dwe ranje, e finalman fè li tounen sa li te ye a: yon espas pou rasanbleman, pou espò, pou devlòpman kominotè.
Anfèt! Nou sezi men m okazyon sa a pou n anonse piblik la anjeneral ke *dimanch 18 me 2025,* teren an ap reouvri ofisyèlman avèk yon match amikal Kote *FC Dynamo de Péchaud pral jwe avèk FC Tampa de Sauval,* se match sa a ki va make retou lavi sou teren an. Nou swete tout moun fè deplasman, swa pou jwe, gade, oswa sipòte mouvman sa. Paske Se pa selman yon match, men se yon renesans, se memwa *Lucno* nap onore, se yon nouvo epok nap ouvè pou jèn yo.
Nou lanse apèl bay tout moun nan kominote a, pou vin pataje bèl moman sa avè nou, vin sipote efò jèn yo, vin mete men pou n kontinye fè teren sa viv.
Se pa sèlman reouvèti yon teren, men se relans yon rèv.
Viv espò, viv inite!💪💪
Pou n fini, n ap mande tout Otorite lokal yo, ansyen jwè, fanatik, fanmi ak zanmi, pou vin sipòte aktivite sila. N ap tann nou 18 me a nan lakou Parc Jean-Louis de péchaud apati de 5h00 pm .
Kenley Julien 🖊️🖊️🖊️🖊️