07/18/2025
MESAJ SA PA YON APÈL POU ANKOURAJE MOUN VIN MANDE AZIL KANADA, MEN JIS REPONN AK KÈK KESYON YO POZE KABINÈ A ANPIL NAN DÈNYE MOMAN SA YO.
Ti koze sou demand azil nan peyi Kanada :
Si w nan peyi Etazini, ou konte benefisye eksepsyon konsènan manb fanmi pou w vin mande azil nan peyi Kanada, gen 2 bagay ki trè enpòtan pou verifye : asire manb fanmi w ki Kanada an règ (sitou pou demandè azil yo, èske demand li an pat rejte deja), epi verifye si ak nesans ̸ ekstrè achiv ki etabli lyen familyal yo kòrèk. 2 pwoblèm sa yo repete pi souvan ki koz yo refize moun yo rantre, epi tounen yo bay otorite amerikèn yo.
Èske yon timoun ki nan peyi Etazini ka vin mande azil nan peyi Kanada pou kò l san li pa gen viza kanadyen oswa tonbe nan eksepsyon konsènan manb fanmi yo? Wi, si li poko gen 18 lane sou tèt li, epi fòk manman ak papa l oswa titè legal li pap viv nan peyi Etazani oswa Kanada.
Èske si w travèse fwontyè a yon fason iregilyè, w ap ka fè yon demand azil? Se pa yon pratik ki ankouraje paske si yo pran w nan nan 14 jou, otorite kanadyèn yo ap voye w tounen nan peyi Etazini. Men selon lejislasyon ki la toujou (gen yon pwojè lwa ki kapab chanje done yo pita), ou ta sipoze kapab soumèt demand la an prensip apre delè 14 jou a si w gen yon prèv ki ka pwouve prezans ou sou teritwa kanadyen an, epi si w pa entèdi teritwa.
Si w entèdi teritwa men w se yon sitwayen yon peyi tankou Ayiti kote yo pa voye resòtisan yo tounen pou kounya a, w ap ka rete nan peyi a pou yon titan, jwenn kat travay si w pa gen kèk pwoblèm sante ki reprezante yon risk sanitè pou peyi a an atandan yo pèmèt ou fè sa yo rele ERAR la.