22/07/2021
Malgre zansèt nou yo te goumen pou nou te soti nan esklavaj malerezman nou toujou esklav😭😭😭😭😭😭😭.
Asasine yon prezidan, se asasine yon nasyon, se asasine yon drapo, asasine yon pèp, asasine pwòp tèt paw kom ayisyen😭😭😭😭. Men se kilè nap sispann ak pratik sa yo ki pap kondwi peyi a lòt kote ke nan desepsyon, povrete, ak tout sòt de malpwoprete.
Ayiti chéri pa merite sa nou menm kom pitit li ap fèl la.😭😭😭😭. Poukisa nou pa mete tèt nou ansanm pou nou kapab detri tout medizans ak chirepit🤺🤺🤺 ki genyn nan mitan nou yo.
An nou wè si na konstri yon ayiti ke nou ta renmen pou nou ak pou pitit ak fanmiy nou👨👩👧👦👨👩👧👦👨👩👧👦.
Ayiti pap peri🤚🤚🤚.
Map mande poukisa yo asasine prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 6 pou louvri 7 juillet?
Eske vrèman prezidan an ap jwenn jistis li?🗣🗣🗣???
Prezidan Jovenel Moïse ale anpè...😭😭😭