Lakayanm Pi Pwop

Lakayanm Pi Pwop Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Lakayanm Pi Pwop, Services aux entreprises, Cap-Haïtien.

Lakayanm Pi Pwòp – Spécialiste en collecte des déchets et entretien de propriété !

✅ Collecte des déchets | 🏠 Nettoyage & maintenance | 🌿 Services durables

📞 Contactez-nous !
509 4001-7814

28/08/2026

📦 Chak katon merite yon dezyèm lavi.

Sa ki sanble ak fatra pou anpil moun, se yon resous ki ka retounen nan s*k res*klaj la. Chak pakèt katon nou debake se yon etap anplis pou diminye fatra, pwoteje anviwònman an, epi bati yon Ayiti ki pi pwòp.

♻️ Pa jete l, separe l.

*klaj

♻️ 10 AN DE SA… YON TI MOTO, YON GWO RÈV! 💙💚Gen kèk foto ki pa sèlman raple nou yon moman… yo raple nou kote nou soti ak...
17/08/2026

♻️ 10 AN DE SA… YON TI MOTO, YON GWO RÈV! 💙💚

Gen kèk foto ki pa sèlman raple nou yon moman… yo raple nou kote nou soti ak tout chemen nou deja fè. 🙏🏾

Sa a se youn nan pi gwo eksplwa nou te reyalize nan kòmansman Lakayanm Pi Pwòp: achte moto sa a pou nou te kapab kòmanse kolekte dechè òganik yo. 🛵♻️

Nan moman an, se te yon gwo envestisman pou nou. Men nou te gen yon vizyon: fè travay la, sèvi kominote a epi montre ke dechè pa oblije fini nan lari oswa nan ravin.

Nou te kòmanse ak ti mwayen, men ak gwo detèminasyon. 💪🏾

Jodi a, lè nou gade dèyè, nou wè plis pase yon moto. Nou wè yon rèv ki te pran fòm, yon ekip ki te grandi, anpil fanmi nou te sèvi, anpil dechè nou te detounen, epi yon mantalite nou kontinye ap chanje. 🌱

Pa janm meprize ti kòmansman yo.
Se avèk ti pa yo nou rive lwen. 🚶🏾‍♂️➡️🏆

💙💚 Lakayanm Pi Pwòp
Pwòpte se lavi! ♻️🇭🇹

17/08/2026

𝗢𝘂 𝗸𝗮 𝘀𝗲𝘇𝗶 𝘄è 𝘀𝗮 𝗻𝗼𝘂 𝗳è 𝗮𝗸 𝗯𝗮𝗴𝗮𝘆 𝗹ò𝘁 𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗮𝗽 𝗷𝗲𝘁𝗲 𝘆𝗼. 👀♻️

▶️ 𝑮𝒂𝒅𝒆 𝒗𝒊𝒅𝒆𝒚𝒐 𝒂 𝒑𝒐𝒖 𝒘 𝒅𝒆𝒌𝒐𝒖𝒗𝒓𝒊 𝒌𝒊𝒋𝒂𝒏 𝒏𝒐𝒖 𝒕𝒓𝒂𝒏𝒔𝒇ò𝒎𝒆 𝒔𝒂 𝒌𝒊 𝒕𝒆 𝒌𝒂 𝒇𝒊𝒏𝒊 𝒏𝒂𝒏 𝒇𝒂𝒕𝒓𝒂 𝒂𝒏 𝒚𝒐𝒏 𝒓𝒆𝒔𝒐𝒖𝒔 𝒌𝒊 𝒈𝒆𝒏 𝒗𝒂𝒍è.

𝑷𝒊 𝒘𝒐𝒖𝒚𝒆, 𝒑𝒊 𝒌𝒐𝒖𝒑𝒆.

𝑷𝒘ò𝒑𝒕𝒆 𝒔𝒆 𝒍𝒂𝒗𝒊.

13/08/2026

𝐆𝐚𝐝𝐞 𝐯𝐢𝐝𝐞𝐲𝐨 𝐚 𝐩𝐨𝐮 𝐰 𝐰𝐞̀ 𝐬𝐚 𝐤 𝐚𝐩 𝐩𝐚𝐬𝐞! 🎥👇🏾

3èm semèn, n ap vanse! 🗑️🌱

3 semèn depi nou enstale mini poubèl yo… men èske se poubèl yo sèlman k ap chanje? 👀

12/08/2026

♻️ 𝗔𝗸 𝗳𝗮𝘁𝗿𝗮, 𝗸𝗼𝗻𝗯𝘆𝗲𝗻 𝗮𝗱ò𝗸𝗲𝗻 𝗻𝗼𝘂 𝗸𝗮 𝗽𝘄𝗼𝗱𝘄𝗶? 🤔🧱

Se kesyon sa a nou te deside reponn nan eksperyans sa a.

Nou pran dechè plastik, nou transfòme yo epi nou teste konbyen adòken nou kapab pwodwi nan yon tan ki mezire. ⏱️

👉 Gade videyo a pou w wè rezilta a!

Men eksperyans lan poko fini… 👀
Nan pwochen videyo a, n ap montre nou konbyen plastik ak konbyen sab nou itilize pou chak adòken.

Fatra ka tounen yon resous. ♻️

06/08/2026

♻️ Sa ki fatra pou youn, kapab yon resous pou yon lòt!

Yon fè ki te sanble fini jwenn yon dezyèm lavi apre reparasyon.
Reitilize = mwens fatra, plis valè. 🌱

Lakayanm Pi Pwòp — Pwòpte se lavi!

06/08/2026

👀 Nou sot fè yon acha ki pral chanje anpil bagay pou nou. Men èske w ka devine poukisa? Gade videyo a epi ban nou repons ou nan kòmantè! 👇

05/08/2026

🚛♻️ 𝑺𝒂 𝒂𝒏𝒑𝒊𝒍 𝒎𝒐𝒖𝒏 𝒓𝒆𝒍𝒆 𝒇𝒂𝒕𝒓𝒂, 𝒏𝒐𝒖 𝒎𝒆𝒏𝒎 𝒏𝒐𝒖 𝒓𝒆𝒍𝒆 𝒍 𝒐𝒑ò𝒕𝒊𝒏𝒊𝒕𝒆.

30/07/2026

😲 𝐒𝐚 𝐤𝐚 𝐜𝐡𝐨𝐤𝐞 𝐰!
🚨 90% 𝒎𝒐𝒖𝒏 𝒑𝒂 𝒕 𝒂𝒑 𝒌𝒘è 𝒔𝒂 𝒋𝒊𝒔𝒌𝒂𝒔𝒌𝒆 𝒚𝒐 𝒘è 𝒍 𝒂𝒌 𝒑𝒘ò𝒑 𝒋𝒆 𝒚𝒐!

Pati fatra ki konn bay plis move sant la... se li menm ki tounen yon angrè natirèl san move odè. 🌱♻️

Nan videyo sa a, w ap wè kijan yon bagay anpil moun evite pwoche bò kote l vin tounen yon pwodwi moun menm pran sant pou verifye kalite li.

👀 Gade videyo a jouk nan fen an.
❤️ Si w aprann yon bagay nouvo, kite yon like.
🔄 Pataje videyo sa a pou plis moun dekouvri ke se pa fatra ki pwoblèm nan, men move jesyon fatra.
➕ Abòne ak paj la pou w suiv tout etap ki fè fatra tounen yon resous ki gen valè.

29/07/2026

♻️ Èske tout plastik sa yo ta dwe fini nan depotwa?

Nou pa kwè sa.

Gade kijan nou kolekte, triye, epi estoke dechè plastik sa yo pou yo ka vann oswa transfòme olye yo polye anviwònman an.

▶️ Gade videyo a epi ede nou fè plis moun konprann enpòtans res*klaj🔄 Pataje videyo a pou mesaj la rive pi lwen.

Paske Pwopte se Lavi.

Adresse

Cap-Haïtien
NOUVLECHANJMANEPINOUPRÈPOUNOUCHANJE

Heures d'ouverture

Lundi 06:30 - 17:30
Mardi 06:30 - 17:30
Mercredi 06:30 - 17:30
Jeudi 06:30 - 18:30
Vendredi 06:30 - 17:30
Samedi 06:30 - 17:30

Téléphone

509-3325-1315

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lakayanm Pi Pwop publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Lakayanm Pi Pwop:

Raccourcis

Partager