10/05/2022
PARYAJ PAM se tankou dwòg depi w ladan l, li difisil pou bay vag. Yon vrè amatè pase 16 zè de tan nan jwe epi panse ak jwèt aza sa.
AN GWO KISA KI PARYAJ PAM ?
Se yon antrepriz jwèt aza, plase nan plizyè sikisal nan tout gran vil, nan yon ti kay ki gen kèk televizyon, youn ou 2 vantilatè, gen chèz oubyen ban pou akeyi kliyan, yon biwo pou fè fich jwèt yo, rechaje ak touche lajan w epi plizyè priz kouran pou paryè yo rechache telefòn. Ou ka jwe : foutbòl, kous cheval, bòlèt ak lòt jwèt ankò.
Li fonde an 2015, li te pote non "BRAS PAM", an 2018 li vin chanje an "PARYAJ PAM S.A" epi asosye li ak kèk konpayi LA "RUSSIE" li gen patenarya ak MONCASH, VISA, MASTER CARD pou ka fasilite rechaj ak pèyman. A kote lidè jwèt aza a plen lòt antrepriz tankou : ANN PARYE, IZI PARYAJ, TOTAL PARYAJ, KREZI PARYAJ.
Moun tout laj ap jwe, men pi fò se jèn.
Nivo povrete a lage anpil, vrèman anpil jèn kwè nan mirak, mize yon ti kras kòb nan espwa pou genyen anpil lajan kap ka satisfè w.
MIZÈ RALE MIZÈ
250 goud tèlman pa reprezante anyen kounya, sa pouse jèn nan parye avèk li nan espwa genyen yon sòm kap pèmèt li fonksyone, genyen se nan chache ti kras chaj nan telefòn ki fè yo lage nan jwe.
NAN TI KAY SA JÈN YO AP CHACHE LAJAN AK BONÈ A, LI SOUVAN POTE POU YO 4D :
• depresyon
• dèt
• desosyalizasyon
• deli
1) DEPRESYON
Ou fè yon fich foutbòl, ou gen pou w kòmanse pran presyon nan tout match ou gade yo nan siveye kòne, gòl, fot, katon. Epi o final ou tande : «Kyèèèt ! Yo sèl ekip ki boule m wi.»😢
2) DÈT
Mwen gen temwyaj plizyè moun ki boule gwo kòb ki pa pou yo nan jwèt la. Genyen ki plane telefòn ak vann Objè enpòtan nan chache tire yon kòb ki pèdi.
3) DESOSYALIZASYON
Gen modèl nèg ki «accros» ki pase 10 zè ou 12 zè de tan yo ouvri a anndan an san al benyen, bwose epi wè moun lakay. Avan kowonaviris, jèn te konn sove kite lekòl pou ale nan paryaj.
4) DELI
Mwen pa pral akize pèsòn, men modèl jwèt sa gen ase pasyon pou fè yon nèg goumen, vòlè ak pèdi kontwòl tèt ou. Dayè mwen konn plizyè akize.
Si aprè chak 100 mèt ou jwenn 2 ti bòlèt, yon legliz nan chak katye, ebyen kòmanse prepare nou pou jwèt aza sa yo kap donnen tankou DJONDJON. Yo sèlman gen pou bay leta pi piti pase 100 mil goud pou yo fonksyone (yon kòb yon ka antre nan kèk segond
SAK PI TRIS LA, SE PA YON SIY DEVLOPMAN 😢
Se yon gwoup jèn san travay ak altènatif kap chache lespwa lakay dezespwa.
NB : Paryaj pam se 12èm sit entènèt moun plis vizite an Ayiti
1) chans pou w genyen yon sèl kòb nan keno oubyen foutbòl la piti
2) genyen pa ti kras nan cheval ak penalite ou pa fouti ale lakay ou ak sa ou genyen an san ou pa jwe pou ou pèdi l ankò
Mwen ekri tèks sa jis pou m mande moun ki di yo chèf isit yo: "nan latriye dekrè k ap sòti yo pou li pran youn, depi ou poko gen 23 an ou pa elijib pou jwe tout fòm aza nan peyi a."
Ede m fè mesaj la pase ✋ PATAJE TÈKS LA
ABÒNE AK PAJ LA:
www.facebook.com/geraldjonygilles99
Kredi tèks: Jherrylecombatattant