14/01/2026
Ey zanmi 'm, vin tande:
Mwen gen solisyon pou antrepriz jere finans yo (système de gestion financière d'entreprise). Mwen enstale epi konfigire sistèm sa yo (QuickBooks Desktop Enterprise, Odoo, Sage, SAP ak lòt ankò). Mwen genyen lojisyèl sa yo pou vann tou. Sa vle di, antrepriz la ka achte yo epi mwen fè enstalasyon ak konfigirasyon pou li; men konsa tou, li ka achte yo nan men 'm.
Mwen gen yon sistèm VPN ki kapab pèmèt antrepriz ki gen plizyè sikisal yo konekte antre yo tankou yo te nan yon sèl lokal (menm si sikisal yo ta nan plizyè vil ak rejyon, sistèm nan ap pèmèt yo entèkonekte antre yo. Epi li pèmèt moun travay a distans nan antrepriz la.
Donk, dyaspora ki konn gen pwoblèm pou antrepriz yo ki Ayiti pandan yo menm yo ap viv aletranje, pwoblèm yo fini; ak sistèm VPN nan, yo ka gen aksè ak tout sistèm jesyon finansye a tankou yo te nan espas antrepriz la; kontwòl sa ki vann, kontwòl sa ki nan stòk, kontwòl kliyan, anplwaye ak founisè. Magazen tankou : (Quincaillerie/Matériaux de Construction, Produits Alimentaires, Market, Hotel, Restaurant, Pharmacie, Clinique, Hôpital, etc.)
Nou ka kontakte 'm nan nimewo sa yo : +509 33 25 85 61 | +509 36 06 96 26. Tou 2 nimewo sa yo disponib tou sou WhatsApp. Mwen disponib pou nenpòt kote biznis lan ye nan peyi a; depi pa gen gwo danje, mwen prale (Gonayiv, Okap, Senmak, Pòdepè, Gran Nò, Plato Santral, Gran Sid, Nòdès, elatriye)