18/03/2021
3 maladi ki ka touyew britsoukou sou plas ke Ayisyen konn panse se bagay mistik, pataje tèks sa pou ede plis fè prekosyon
Sa rive souvan nou tande moun mouri sou kabann, nan benwa, sou volan machin san pèsonn pa konn sak pase, depin pa konn yon bagay nou souvan konparel a bagay mistik, Anpil fwa neglijans ak inyorans konn fè nou pa konn malè ki pandje sou sante ak lavi nou, lavi presye, konsa tou kèk minit sifi pou etenn ou, jodi a nou pote pou ou 3 maladi ki ka touyew sibitman, rann nou sèvis pataje lè ou finn li.
1) Enfaktis Myokad, ke nou rele nan langaj vilgè a' Kriz Kadyak ' : Se lè yon atè nan kè a ki se yon veso ki ap pote san bouche akoz yon boul san ke yo rele 'kayo sangen', lè sa rive miskl prensipal kè a ki se myokad pa resevwa san ak oksijèn.
Sentom moun nan ap santi se yon presyon dèyè stènoum kise yon zo nan mitan kaj toras*k ke nou rele lestomak nan langaj vilgè a, yon doulè nan kou, ki ka rive nan bra goch e menm ponyèt moun nan, moun nan ap respire mal, lap vinn blanch pa fòs, li santi lap trepase.
************** Kisa ki ka lakoz? ****************
Gen anpil koz men prensipal yo se: laj ki depase 50lane, moun kap fimen, obezite, tansyon, kolestewòl, maladi s*k, moun ki sòti nan fanmi ki soufri maladi kè.
Se yon maladi malerezman ki abitye touye moun sibitman
2) Tetanòs : Maladi sa ke anpil nan nou banalize, lè nou blese e ke sa ki te blese nou an te gen tè oubyen sibstans ki ekspoze nan lanati tankou fè, klou, moun kap pike nan jaden, moun ki blese nan aksidan ki trajik ki pran atè elatriye, lè nou rive lopital nou toujou ap tande yo di nou al achte yon enjeksyon ki rele SAT ki se Sewòm Antitetanik pou yo ba nou apre nou finn pran swen.
Enben rezon an senp lè ou blese epi ou te gen kontak ak tè, jèm ki rele Klostridyòm Tetani an antre nan kò nou e ap libere sa nou rele Toksin, ki se sibstans ki ka deranje kò nou e pami sibstans sa yo, gen youn ki rele Tetanospaminn ki danjre anpil, ki pral s*kile nan san nou e atake sistèm nève nou e pwovoke anpil reyaksyon takou doulè, kò nou ap tòde, paralizi nan tout kò nou sitou paralizi nan miskl respirasyon nou e se konsa lanmò pral mete pye.
Pa fè neglijans lè yo ba nou achte SAT pou Tetanòs, paske Tetanòs fatal anpil.
3) Chòk Anafilaktik: Se yon gwo reyaksyon alèjik ke moun nan fè e koz yo ka anpil takou : yon gèp ki mòde moun nan, yon manje, yon bwason, yon medikaman.
Reyaksyon alèjik la rapid, 5 ak 20minit apre bagay la antre nan òganis ou, figi moun nan ka kòmanse anfle, po li ap leve bouton, lap grate, li mal pou respire, li pa alèz, men ak pye ka kòmanse anfle tou e sa yo rele nan langaj medikal la ' Edèm Kwenk ' ( Oedème de Quincke ).
Si Edèm nan ki se fenomèn dlo kap anfle kò moun nan rive nan poumon li, bwonch yo ap kwense, respirasyon an pa rive fèt nòmal, tansyon moun nan ap desann e se sa ki ka touye li a.
Se pou sa lopital yo toujou ap mande moun nan a kisa li alèji, se pa pou rans, alèji pa yon jwèt, fòk ou toujou evite bay moun nan bagay ou konnen li alèji avèk li ni nan manje ni nan bwason.
Alèji tèlman dwòl, gen moun ki ka devlope ak medikaman ki la pou konbat alèji a li menm.
Sa yo se 3 nan maladi ki ka touye ou sibitman e ke anpil nan nou minimize. Nan semèn nan, nap pote 3 lòt ankò pou ou.
Like & Pataje pou nou souple pou plis moun atenn.
Idantifye yon moun li avèw
Exama Jean Rodrigue Junior
Menvite nou al abone a paj Sante anba tonèl
Men lyen paj la!
Abone ak nou pou pa rate pyès tèks nou
https://www.facebook.com/Santeanbatonel/
Mèsi