09/09/2025
Men 15 konsèy edikatif ak pratik
sou chancre/muguet (chanklèt) lakay timoun yo, pou pataje ak fanmi, zanmi ak kominote ou ye a ( Pédiatrie ).
1. Kenbe bouch timoun nan pwòp: Netwaye bouch ak lang timoun nan chak jou ak ti gaz imid oswa bwòs dan ki mou.
2. Pa itilize menm kiyè, bròs dan, goblè, boutèy oswa bibwon pou plis pase yon timoun, pa bwè nan menm veso AK timounn Nan.
3. Evite bo ti bebe sou bouch si w gen bòkyè, si bouch ou tout kote ( tankou Nan fè ti bèf, zonyon, s***e zòtèy, oswa si ou gen nepòt lòt enfeksyon nan bouch tankou kandidoz elatriye.
4. Toujou lave men anvan w manyen bouch oswa manje timoun.
5. Si timoun nan gen plak blanch sou lang li, bouch li, ou sou bò enteryè bouch li – pa rale yo! Ale kay doktè.
6. Chank pa bay doulè o kòmansman, men li ka vin fè ti moun lan pa manje, ba li fyèv, fèl kriye, si ou pa pran bonè
7. Pa janm itilize remèd lakay san konsèy doktè (tankou sel, luil, ji, digo, tomat ti joslyn, lèt kandelam, lèt gwo medsiyen, bikabonat, elatriye).
8. Ale wè yon doktè oubyen yon infinyè Nan sant sante ki pi prèw pou tretman ki apwopriye AK maladi a (tankou antifongik oral).
9. Si timoun nan ap sèvi ak bibwon sison, lave yo e esterilize yo chak jou, ou byen c***e yo.
10. Bebe ki sou antibyotik gen plis risk fè chanklèt: toujou suiv preskripsyon doktè.
11. Si timoun nan gen enfeksyon repetitif, sa vle di, li fiinn geri epi li tounen menm Jan an ankò, mande doktè pou verifye iminite li.
12. Bay timoun lan dlo pou bwè regilyèman – sa ede netwaye bouch li.
13. Netwaye bwòs dan oswa gaz netwayaj la chak fwa ou fin itilize li.
14. Si w ap bay tete epi w gen doulè oswa plak blanch sou tete w, konsilte yon doktè.
15. Swiv tretman yo jiskaske doktè a diw li fini, menm si ou wè plak yo disparèt Nan bouch timounn nan.
Koutwazi: Dreaming clinic K-LABATTE Jacmel
Club Santé Des Jeunes- JACMEL
.