Gedor entreprise

Gedor entreprise Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Gedor entreprise, Services aux entreprises, Portail, Port-au-Prince.

03/03/2026

With Gedor Mamba – I'm on a streak! I've been a top fan for 8 months in a row. 🎉

03/03/2026

With Rutshelle – I'm on a streak! I've earned a Rebelle badge for 8 months in a row. 🎉

22/02/2026

JWÈT KI GEN SON LADAN YO

Telefòn, tren mizikal, poupe, tab evèy, enstriman mizik: jwèt ki gen son yo vin pi plis nan bwat jwèt timoun piti yo. Malgre popilarite sa a, nou dwe pridan, paske jwèt sa yo kapab lakòz pwoblèm Tande nan timoun yo.

RISK KI GENYEN NAN JWÈT AK SON YO

Timoun piti plis vilnerab a bri pase granmoun paske yo pa toujou gen reflèks a pwoteje tèt yo kont gwo bri. Se poutèt sa, li enpòtan pou pwoteje zòrèy timoun piti yo epi evite yo ekspoze a son ki twò fò.

Jwèt son ki fè son plis pase 100 dB(desibèl) ka koze domaj nan zòrèy timoun yo apre sèlman 2 minit ekspozisyon. Aparèy elektwonik, tankou tablèt ak telefòn, ke timoun itilize depi piti ka fasilman depase 100 dB epi reprezante yon risk pou Tande timoun yo.

An jeneral, enterè timoun piti pou yon jwèt byen kout. Se poutèt sa, yo pa ekspoze a bri fò pandan yon long peryòd. Sepandan, kòm timoun yo gen tandans pote jwèt ki gen son yo tou pre zòrèy yo, e menm mete yo nan bouch yo, yo ka tande bri a pi fò toujou. Vreman vre, manifaktirè jwèt yo etabli nivo son jwèt yo, ki baze sou distans ke jwet lan ta dwe nòmalman mete nan zòrèy. Lè ou koute yo twò pre, anpil jwèt ka poze yon risk nan zòrèy yon timoun piti.

Ekspozisyon a bwi twò fò ka lakòz fatig oditiv ki fè timoun nan santi tankou zòrèy li bouche ak anpeche'l tande byen. Fatig kapab lakòz tou zòrèy li ap kònnen oswa tankou yon sifleman. Odisyon timoun nan ap retounen nan nòmal nan yon anviwònman kalm. Apre yon tan, sepandan, si timoun nan ekspoze ak bri fò sa souvan sa ap lakòz li vin pa tande menm.

ÈSKE NOU TA DWE EVITE JWÈT AN SON YO?

Kèk jwèt a son ka enteresan ak stimilan pou timoun piti. Li pa nesesè pou entèdi jwèt sa yo, men ou dwe pran tan nan chwazi yo ak anpil atansyon.

⬛Men kèk konsèy pou chwazi yon jwèt son:

🔹️Poze kesyon sou itilite son an nan jwèt la anvan ou achte li.

🔹️Chwazi jwèt son ki ajoute yon bagay an plis nan jwèt la, tankou yon jwèt oswa yon liv.

🔹️Prefere jwèt oswa nounous san pil.

🔹️Asire w ke jwèt son an ofri yon varyete aktivite ki ka estimile enterè timoun nan ase lontan.

🔹️Chwazi jwèt ki gen bouton mach / arè ak yon kontwòl volim.

🔹️Sèvi ak jijman ou pou evalye volim yon jwèt.

🔹️Anvan yon fèt (anivèsè nesans oswa Nwèl) ou ka di moun ki nan antouraj ou pa pote jwèt ak son.

POU ANPECHE PWOBLÈM TANDE

Men sa ou kapab fè pou pwoteje zòrèy pitit ou, san ou pa diminye nan plezi yo.

- Evite achte twòp jwèt son. Anpil jwèt enteresan an silans.

- Bese volim jwèt la otank posib epi mande pitit ou a pou li pa monte li.

- Retire pil yo si son an se pa yon eleman esansyèl nan jwèt la.

- Mete yon tep sou baf lan, si ou jije son an twò fò.

- Ofri timoun nan yon jwèt trankil apre plizyè minit li sot jwe ak yon jwèt fè bwi. Peryòd jwe trankil ede konsantrasyon timoun piti ou an ak silans.

- Limite sou lòt bagay ki fè bri nan kay la. Se yon fason pou repoze zòrèy li ak fasilite aprantisaj li, paske anviwònman an pou timoun yo gen de plizanpli bwi (televizyon, radyo, bwi nan gadri, jwèt son, elatriye.

Pédiactu

04/07/2025
26/10/2024
18/10/2024

entreprise

Adresse

Portail
Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Gedor entreprise publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager