LHS Multi Services

LHS Multi Services LHS est une entreprise Haïtienne spécialisée dans l'achat/vente des appareils électroniques & Répar..

20/04/2026

Bay Ayiti yon chans

04/07/2025

Trump se yon biznisman li ye , se an Deal li kanpe, si nou vle rezoud ensekirite sa ki gen la, se pa ni nan dyalòg ak gang ki pap bon pou avni jenès la, ni gaspiye lajan bay mèsenè ni vire tounen bay lapolis mwayen san okenn rezilta, men pito chache yon deal ak Trump poul voye solda la pandan nap bal yon resous natirèl, mwen garantiw nan yon semenn wap bezwen yon gang pouw fè yon Te nan peyi a ou pap jwenn.

Nou di nou vle fè peyi e ke nou vle konbat gang nan peyi a, pandan : Joseph Lambert, Youri Latortue , Gary Bodeau, Hervé...
03/06/2025

Nou di nou vle fè peyi e ke nou vle konbat gang nan peyi a, pandan : Joseph Lambert, Youri Latortue , Gary Bodeau, Hervé Fourcand, Rony Célestin, Michel Martelly, Jean Henry Céant, Laurent Lamothe, Berto Dorcé, Liszt Quitel, Nenel Cassy, Steeve Khawly, Arnel Bélizaire, Charles (Kiko) Saint-Rémy, Gilbert Bigio, Reynol Deeb, Sherif Abdallah, Jocelerme Privert, Salim Succar, Marc Antoine Acra, Carl Braun, Jean-Marie Vorbe, André Apaid,

Marc Antoine Acra, Carl Braun et Jean Marie Vorbe
L’homme d’affaires André Apaid etc...

Yo pi alèz pase popilasyon an sou bout tè Dessalines nan, alos ki ensekirite nap konbat la? Ki peyi nou vle fè la? Sinon tap touye ti gang ak sapat yo epi fè eleksyon, prezidan ki va eli a pa ta deside aji nan enterè gwoup sa yo anko epi yo va pouri peyi a anko ak gang pou konbat li🤷

Jeudi 21 septembre 2023, Mélanie Joly, la Ministre des Affaires étrangères a annoncé que le Canada imposait des sanctions supplémentaires à 3 autres membres de l’élite économique haïtienne…

01/06/2025

Fok ou mefyew, se pa tout moun ki relew oubyen ekriw mandew komanw ye, pouw panse se nouvèl ou yo bezwen pran oubyen fè ide ke w gen moun kap panse avew, Anpil fwa se kapasitew yo konnen yap tcheke pou konn nan ki sitiyasyon ou ye konsa pou yo wè si yo pwogrese pase w!

01/06/2025

Peyi sa pafwa wap mande kote li pwale, map tande Romanes samedy ki rele Youri Latortue pou pale sekirite yon peyi, yon sanksyone ki gen chaj papa gang sou tèt lii anko wi, si Conatel tap fè travay li tout bon vre se pa sèl Boukante lapawol ki pou fèmen nan mega chaje lot emisyon anko kit sou radyo sa ak lot yo.
Enposib, si nap fè peyi ke nou fè peyi nou fini!

Gen moun nou dwe met sou kote nan peyi saa, pou yo wont tèt yo!

27/05/2025

Malgre jan peyi an ye la, sangwen ki nan politik la yo pa janm pran leson ak konsyans pou yo di bon fwa sa ann fè peyi!
Yon Avan pwojè konstitisyon, ou gen yon mwa pouw pote di men saw pa dakó epi men sa ou pwopoze, men non yo tout gen menm diskou abityèl yo, ke sa pa bon, "c'est pour la poubelle"
Yo tout te senatè/ depite oubyen chef deta, yo chita fè magouy, volo, pouri administrasyon piblik la ak yon bann enkonpetan sou baz bay ti fanmi yo ak ti xani yo djòb, epi men rezilta nap viv li la, moun ap kouri kite kay yo, bandi fin pran tout peyi a!
Tout sakap bon pou peyi yo kanpe an kwa poul pa pase , men tout sa kap bon pou yo kontinye nan kowopsyon yo tout ladan san opozisyon depi yo tout jwenn pa yo

05/04/2025

Pou jan sektè prive sa ye la, pou jan nèg politik anraje pou pouvwa sa, pou jan menmiz mouche blan ye sou tèt peyi a, ni pou jan yo chaje ajan nan tout ti kwen nan peyi a, sèl yon diktatè ki ka sove peyi a.

01/04/2025

Mwen ta renmen yon moun esplikem koman fè depi lapolis ap prepare yon operasyon pou atake yon baz gang yo gentan konnen, epi pou lapolis pa janm okouran de yon zòn gang pwal atake, poul gentan al prepare yon zatrap pou yo?

27/03/2025

Nou gen yon sektè prive kote se sèlman vyann nan ki enterese yo e ke yo prè pou detwi pou li, men zo a pa enterese yo. Pa gen yon peyi nan mond lan kote ki gen yon sektè prive pwisan , san lespri pataj ak asepte konkirans, ki gen kontwol tout antre soti yon peyi poul chita ap gadel kap detwi anba zye l konsa, si tout fwa yo pa konplis. Imajinew y'ap finanse tout kandida soti nan kazèk pou rive prezidan nan eleksyon men jamè devlopman peyi a.( Lame pa gen mwayen ni lapolis, pa gen wout, elektrisite, lopital, kouran, etc... se pa pou yo) Alos tout focus la dwe sou sektè prive nou gen la, paske kansè peyi a se yo!

26/03/2025

Mouvman fèmen anbasad la enpotan anpil pou ekzistans Ayiti

26/03/2025

Rankont sou rankont sa yo ke USA ap fè anba anba ak mafya klas politik sa yo se okazyon yo bayo pou yo jwenn kote pou yo volo pi byen ak fè plis koripsyon, si tout bon
Anbasadè Ameriken/Kanadyen ak Franse, vle bay Ayiti yon kout men, sispann ak koze Rankont sou rankont san rezilta sa yo pandan mafya sa yo vin pi rich la.
Sèl solisyon nou ka jwenn ak gwoup nèg ak fanm sa yo se bayo 3 mwa pou rezoud ensekirite a, ni lanse eleksyon, sinon yap koupe viza yo ak depote fanmi yo, wap wè nan yon semenn yo rezoud problem ki gen Ayiti la.

Trump se viza fanmi elit politik ak ekonomik ki anpeche moun viv nan peyi yo pou lap koupe, se pa moun kap kouri pou ensekirite nan peyi a, pandan fanmi tout neg ak fanm ki fin kraze Ayiti alez USA san prezyon ni pa gen imigrasyon kap bayo problem.

25/03/2025

Toutan nou pa vle asepte se yon gwoup neg oubyen yon gason kanson tankou Ibrahim Traoré oubyen Duvalier, ki pou pran tèt peyi sa de fòs, komanse fèmen anpil anbasad Ayiti, ni gen kèk siwo libanè oubyen swadizan milat ki pran Ayiti tankou byen manman yo ak papa yo se komsi sèl yo ki moun, komanse fizye yo oubyen fè yo vole kite peyi a, Ayiti prospè, gen sekirite, open for business la nou pap janm konnenl

Adresse

Delmas
Port-au-Prince
6130

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque LHS Multi Services publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à LHS Multi Services:

Partager