25/06/2026
Pòdepè, Jedi 25 Jen 2026
Gwo van fè anpil dega nan vil Pòdepè, sikilasyon ak kominikasyon afekte
Yon gwo van ki te frape vil Pòdepè nan nwit mèkredi 24 pou rive jedi 25 jen 2026, anviwon 11 è nan aswè, lakòz anpil dega atravè plizyè katye nan vil la. Selon temwen yo, van an te soufle avèk anpil fòs, sa ki fè plizyè gwo pyebwa derasinen pandan anpil branch bwa tonbe sou wout prensipal ak segondè yo.
Depi bonè nan maten jedi a, sikilasyon an te vin paralize nan plizyè ri ak avni akoz pyebwa ak branch bwa ki te bouche pasaj yo. Chofè motosiklèt, otomobilis ak pyeton yo te oblije chèche lòt chemen pou rive nan destinasyon yo.
Rezo kominikasyon yo te sibi gwo domaj tou. Anpil abòne te rapòte difikilte pou fè apèl oswa itilize entènèt mobil, espesyalman sou rezo Natcom ki sanble te afekte pa move tan an. Kèk poto ak ekipman telekominikasyon ta sibi domaj pandan van an t ap pase.
Anplis sa, kèk kay ak biznis te wè twati yo domaje, pandan kouran elektrik te koupe nan kèk zòn nan vil la. Otorite lokal yo ansanm ak ekip pwoteksyon sivil yo ap evalye kantite dega yo epi ap travay pou retire obstak ki sou wout yo pou fasilite retou sikilasyon an.
Jiska prezan, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki fè konnen gen pèt lavi moun, men otorite yo mande popilasyon an pou rete vijilan epi evite pwoche bò pyebwa oswa estrikti ki ka tonbe apre move tan sa a.
Popilasyon Pòdepè a ap tann entèvansyon sèvis konsène yo pou retabli sikilasyon, kominikasyon ak lòt sèvis ki afekte yo nan pi kout delè posib.