Santé et prévention

Santé et prévention Santey et prévention

03/06/2023

Toujou konbat ti siy ou senptom yo byen bonè a avan ka konplike!
Renmen sante w se renmen laviw

17/05/2023

Bonsoir tout fan mwen yo Nou konnen m renmn nou anpil map di Nou kontinye protege sante Nou tout jan nou kapab🙏

22/04/2023

Depi se pou santew ou fè neglijans wap peyel !

12/04/2023

Estoma w konn few mal?
Li konn brule?

Kisaw fè Pou SA ?

Mezanmi lew trouvew nan etap sa se pa sann Pou mange😂😂!

Eskew konnen nan sann genyen yon asid?
Ebyn kew mete asid sa kontre ak asid estoma hmmmmm tèt chage.

Map konseyew pran anpil bagy likid pito
Bwe anpil dlo
Pa mange sa ki pou derange estomaw pou fè l redi
Epi wè medecin🙏

07/04/2023

Jodia se 7avril se journée mondiale de la Santé!!

Map konseye chak mou

Sante pa gen jwet ladanl ,
Se fè tout saw konnen ,
Nan Jan kew konnen ,
Fasonw kapab ,pou rete an sante!

Depi gen Santé gen vi si pa gen sante kontrè a se lanmort🙏

Sevre nou tout dwe pase pa la men pa kite se neglijans ou ki few ale avan lè.
Merci!

06/04/2023

Koman ou Ka evite insufizans renal

-Bwe anpil dlo
-P**i a tan
-Pa mange trop sèl
-Fè ak tivite Fizik
Etc...

Mezanmi se yon maladi ki fragil anpil paske se ren yo ki responsable Pou netwaye san nan kò a , sil paka fonksyone yap voyew fè Dializ.

Fè tout saw ka Fè pou pa rive nan etap sa Merci.

06/04/2023

Bonjour Tout fan mwen yo MWen espere nou anfom ! Nou te mankem

Mwen tounnen ak ribrik konsèy Sou sante
Nou ank moun kite kite kesyon map reponn merci .

03/01/2023

Bonsoir nou swete tout fan nou yo bon ane 2023!
Nou retounen pou ribrik Santé ak prevansyon ank.
An pansan map di nou kolera ap fè ravage nan moman la pa bliyen:

-Lave menw
-kite mange yo byen kwit
-Pakite saw ap sevi san kouvri pou mouche pa poze sou yo
-Byen lave fwi ak legume yo
-Utilize klorox pandan wap fè prudans paske fow pa metel nn veso kote ti Moun piti ka gen tandans pou bwel.

Santew se paw ann cheche protege tet Nou.

Merci Bon Ane!!!

01/12/2022

Jodia m vle raple nou de virus SA ki se VIH
Komanw ka pranl
_Nan lam tranchan (gilet, chemot ,eguile etc..)
_lew ap fè sekèks
_aksidan pafwa
Eske nou ka viv menn kote ak koun sa?
Wi
Mezanmi se pa bay lanmen, oubyn rete nan menm kay avel kap few pran se evite sanw kontre ak sanl saw pandanw blese li blese tou!!!
Mete kapot lè nap fè seks ak yon moun nou pa konenn statil ok.
Le sa ou protege ,li protege
Ann di slogan sa avem:
Nou pap bay nou pap pran❌

Yon mange tout moun renmen e ki bon anpil pou santew!Pwa kongo Wap wè li bon nan bouche e tout moun renmenl kit li vèt o...
27/11/2022

Yon mange tout moun renmen e ki bon anpil pou santew!

Pwa kongo
Wap wè li bon nan bouche e tout moun renmenl kit li vèt oubyen sèch.
Ladanl gen anpil fer pou edew konbat anemi.
Li bay enègi tou Pou moun kap fè sport, leve pwa lou etc..

22/11/2022

Kek konsey pou rete an bonne Santee:
1) ekilibre mange wap mange
2)bwe anpil do
3) fè aktivite Fizik(sport)
4) evite fimen
6) limite alkòl
Etc

Santew depan de ou ok guys

Adresse

Verdieu 2
Saint-Michel De L'Atalaye

Téléphone

+50933426553

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Santé et prévention publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Santé et prévention:

Partager