29/11/2025
Chips Kreyòl Fest Food te yon bèl moman pataj, gou ak kè kontan! 🧡✨
Yon jounen ki te ranmase timoun, jèn ak granmoun nan lakou Lekòl Nasyonal Kankòk la pou selebre 222è anivèsè Batay Vètyè avèk dans, foutbòl, konkou, jwèt, animasyon ak DJ.
Malgre defi, malgre mank sipò, nou te kenbe tèt dwat. Epi avèk gras Bondye, nou rive reyalize yon evènman ki pote souri, enèji ak inite nan kominote a. 🙏🏽
Mèsi ak tout timoun yo ki te fè espas la vivan, ak tout moun ki kwè nan Chips Kreyòl!
Ann kontinye bati, amelyore, epi bay kominote a pi bèl moman toujou. 💛🔥