09/06/2025
Map kontinye angajem poum se yon modél nan kominotem
Avni kominotew depann de oumenm,kisaw deside,ki angajmanw pran nan kominotea
Se sou tém sa Mé.Pierre Marc Baptiste kòdonaté (POJ) la te deside onore plis pase 8 jenn gason ak fanm nan okazyon 8ém avnivésé óganizasyon silaa.
8 lane apré kódonaté mouvman POJ la Mé. Pierre Marc Baptiste deside onore 8 jenn gason ak fanm ki sóti nan plizyé kote nan depatman Lwés la pou angajman ak ris yo te pran pou ede moun ki pi mal yo nan kominote yo.
Selebrasyon 8 lane angajman kóm lidé kominoté tankou:
nan komin site Soléy
Laplén, Delma poun site sa yo selman,se pat yon bagay ki te fasil pou jenn sayo,men yo eseye,yo brave danje,malgre nou konnen kijan zón sa yo ye,yo reyalize anpil bel bagay nan kominote yo.
Nan yon anbyans chalere kódonaté POJ la kise Mé.Pierre Marc Baptiste onore plis pase 8 jén gason ak fi kòm lidé kominoté ak yon plak doné pou bon jan travay yo rann kominote yo,dapré kòdonaté estrikti sila si gen volonte tout bon vre nan kominote ayisien an nou ka chanje figi lakay,li ale pi lwen poul di ke nan katye popilé yo gen moun kap viv ladan yo,sispann denigre moun kap viv nan katye pòv yo eli te tou pwofite kondane tout fòn entimidasyon kap fét sou jenn gason ak jenn fi kap viv nan katye popilé yo,rév anpil, malerezman kanmarad la pako janm ka gen chans jwenn yon goud lescot nan men mouche Leta,elas,men lidi lipap dekouraje paske avni peyia depann de lajenés.
Annou tande Mé. Pierre Marc Baptiste nan yon kout entévyou kel te bay jodia nan miko laprés nan okazyon 8 lane òganizasyon la.
Tonton Siwo!