10/15/2026
💙💛 YON GWO MÈSI AK TOUT MOUN KI TE FÈ PWISANS KREDI A YON BÈL MOMAN! 🙏🏾🎓
Mwen vle pran yon ti moman pou m di MÈSI ak tout moun ki te enskri, konekte epi patisipe nan Klas Pwisans Kredi mwen te òganize 14 Oktòb la pou anivèsè mwen. 🎂💳
Sa te fè m anpil plezi pou m te kapab selebre yon lòt ane nan lavi mwen nan yon fason diferan: pataje konesans, edikasyon finansye ak opòtinite avèk kominote a.
🙏🏾 Mèsi pou konfyans nou.
💙 Mèsi pou prezans nou.
🔥 Mèsi pou enèji nou.
💬 Mèsi pou kesyon, mesaj ak ankourajman nou.
Men mwen vle nou sonje yon bagay: klas la fini, men travay la fèk kòmanse.
Konesans san aksyon pa ase. Kounye a se moman pou nou pran sa nou aprann yo epi APLIKE YO nan lavi finansye nou. 📈
💙💛 APRANN ➜ APLIKE ➜ AMELYORE ➜ AKONPLI
Pou tout moun ki te la avèk mwen: mwen apresye nou anpil. 🙏🏾
E pou moun ki pa t kapab patisipe, rete branche — sa se sèlman kòmansman an pou Livs Consulting. 🚀
🎓 PWISANS KREDI
Yon pi bon avni kòmanse isit la!